Accessibility links

Breaking News

Kenya: Plizyè Milye Jèn Pran Lari Pou Manifeste Kont Ogmantasyon Taks


Anti-finance bill protesters clash with police in Nairobi
Anti-finance bill protesters clash with police in Nairobi

Avèk souflèt nan bouch yo ak telefòn entèlijan nan men yo, plizyè milye jèn nan peyi Kenya manifeste nan tout peyi a jedi 20 Jen an kont pwopozisyon bidjè gouvènman an ki vini ak nouvo taks, pandan palman an ap fè deba sou li.

2 jou apre yon premye manifestasyon kote kèk santèn moun te pran lari nan kapital la Nairobi, ak patisipasyon « jenerasyon Z la », manifestasyon sa gaye nan tout peyi a, nan kad yon mouvman ke Kenya pa te janm konnen anvan e ke jèn yo te lanse sèlman depi apèn yon semèn sou rezo sosyal yo.

Mouvman an ki rele "Okipe Palman an", rasanble anpil moun sou entènèt ki ap pouse hashtag #RejectFinanceBill2024, kont plan gouvènman an pou ogmante taks ki la deja epi kreye lòt, sitou yon taks VAT 16% sou pen ak yon taks 2.5% pa ane sou machin prive, pou finanse bidjè 2024-25 la.

Pou fè fas ak mekontantman k ap grandi a, gouvènman Prezidan William Ruto a anonse Madi ke li retire pifò nan mezi taks ke li te prevwa nan tèks lwa a, ke palman an dwe vote anvan 30 Jen.

XS
SM
MD
LG