Accessibility links

Breaking News

Etazini Kondane Zak Vyolans ki Dewoule Kenya Pandan Manifestasyon yo


Polisye Kenya joure yon manifestan pandan yon manifestasyon kont lwa finanse Kenya pwopoze a nan Nairobi, 25 Jyen 2024.
Polisye Kenya joure yon manifestan pandan yon manifestasyon kont lwa finanse Kenya pwopoze a nan Nairobi, 25 Jyen 2024.

Lèzetazini kondane zak vyolans ki dewoule nan Nairobi pandan manifestasyon pou pwoteste kont yon ogmantasyon nan enpo yo.

Pòt pawòl Depatman Deta a, Matthew Miller te pale sou sa Madi pandan konferans pou laprès kotidyen li an. Li ankouraje Kenya pou l mete dlo nan diven li epi kite espas pou diyalòg.

Omwens 5 Manifestan mouri pa bal Madi apre lapolis te tire sou manifestan ki tap eseye fòse antre nan palman an, kote palmantè yo tap vote sou yon lwa pou ogmante taks yo.

XS
SM
MD
LG