Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch di Lap Travay pou Ankouraje Plis Peyi Patisipe nan Misyon Miltinasyonal pou Ayiti a


Foto Achiv: Potpawol Konsey Sekirite Nasyonal Etazini, John Kirby.
Foto Achiv: Potpawol Konsey Sekirite Nasyonal Etazini, John Kirby.

Pòtpawòl Konsey Sekirite Nasyonal la, John Kirby fè konnen Lèzetazini ap itilize diplomasi pou ankouraje plis peyi pote kole ak fòs miltinasyonal pou Ayiti a.

"Nap travay ak Kenya tou ak lòt patnè yo pou entegre mezi jestyon enpòtan pou asire moun pran responsabilite pou aksyon yo pa rapò ak misyon an."

Kirby di li rekonèt misyon an pap rezoud tout pwoblèm Ayiti.

"Misyon an pap rezoud tout pwoblèm Ayiti men se yon pa pozitif nan bon direksyon an epi li bay Ayiti pi bon chans pou l reprann chimen gouvènans demokratik la epi tabli yon eta de dwa."

Kirby di prensipal objektif yo se ede Polis Nasyonal Ayiti travay pi byen.

"Nou vle amelyore Fòs Polis Nasyonal la, ba li pi bon resous, pi bon dirijan, pi bon fòmasyon pi bon kapasite. Se sa ki objektif nou nan moman nan tanmen pwosesis la."

Kirby di misyon sipò sekirite pou Ayiti a pral evantyèlman genyen 2,500 manm ladann.

Li raple tou ke Etazini se pi gwo kontribitè finansye fòs la epi pi gwo peyi donatè pou Ayiti.

Dapre Lamezonblanch Etazini bay Ayiti plis pase $300 milyon asistans epi yon afè $60 milyon ekipman.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG