Accessibility links

Breaking News

Angletè Anonse Asistans pou Fòs Miltinasyonal pou Ayiti a


Minis Afe Etranje Britanik David Cameron pandan yon konferans pou lapres konjwen ak Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken nan Depatman Deta nan Washington, 9 Avril 2024.
Minis Afe Etranje Britanik David Cameron pandan yon konferans pou lapres konjwen ak Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken nan Depatman Deta nan Washington, 9 Avril 2024.

Pandan yon konferans pou laprès ak tokay Ameriken li, Sekretè Afè Etranje Angletè a, David Cameron anonse peyi li pral dispoze nouvo lajan pou ede finanse fòs miltinasyonal pou Ayiti a.

Anbasad Grand Bretay nan Washington anonse nouvèl la sou kont ofisyèl X li (Twitter).

Cameron anonse yon kontribisyon 5 milyon (Liv Sterling) pou deplwaman fòs la.

Cameron tap vizite Washington nan kad yon jefò pou kore sipò pou Ikrèn nan lagè lap mennen kont Larisi.

Fos Sipo Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a (MSS) gen sipò Nasyonzini, Etazini, Kanada, La Frans ak plizyè peyi nan Karayib la.

Cameron mete aksan sou lide pou Ayisyen dirije solisyon pou kriz politik la epi takle ensekirite a a lon term.

XS
SM
MD
LG