Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyonzini Eksprime Sipò li pou Pwosesis Politik Ayisyen an


Anbasade Palestinyen nan LONU Riyad Mansour (fon a dwat) pran la pawol devan manm Konsey Sekirite Nasyonzuni an nan Nouyok, 16 Oktob, 2023.
Anbasade Palestinyen nan LONU Riyad Mansour (fon a dwat) pran la pawol devan manm Konsey Sekirite Nasyonzuni an nan Nouyok, 16 Oktob, 2023.

Konsey Sekirite Nasyonzini pibliye yon deklarasyon sou Ayiti Jedi (21 Mas) kote li reitere sipò "konplè" li pou pwosesis politik Ayisyen an epi ankouraje tout pati prenan Ayisyen yo pou yo "kontinye chache yon konsansis ki lajman laj atravè diyalòg enklisiv, ki gen ladann sipò CARICOM, epi Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) pou òganize eleksyon lejislativ ak prezidansyèl lib e onèt" an Ayiti. Konsèy Sekirite a mande tou pou patisipasyon an ekitab epi enkli patisipasyon fanm yo ak angajman jenès la yon fason ki pwoteje sekirite yo.

Konsèy Sekirite a kondane "ak fòs" zak vyolans ak atak gang ame yo ap lanse epi souliyen bezwen ki egziste pou kominote entènasyonal la "redouble jefò li pou dispoze asistans imanitè pou popilasyon Ayisyèn nan epi apiye Polis Nasyonal Ayiti nan kapasite l pou l retabli lòd. Konsèy la mande pou deplwaye misyon Miltinasyonal Sipò Sekiritè a vit e prese ann akò ak rezolisyon 2699 Konsèy la te apwouve an 2023.

Konsèy Sekirite LONU mete aksan sou wòl li jwe pou asire efikasite sanksyon ki an plas pou anpeche sityasyon Ayiti deteryore pi plis.

Manm yo eksprime tou gwo kè sote yo genyen pou trafik zam ilegal ak minisyon kap antre an Ayiti - e ki rete yon "faktè fondamantal" enstabilite ak zak vyolans Ayiti ap fè fas.

Nan deklarasyon an, Konsèy la reitere obligasyon peyi manm LONU yo pou yo aplike anbago zam la an akò ak rezolisyon 2699 ak 2700 yo te vote an 2023 epi pran angajman pou pran plis mezi nan domèn sa a.

Pou fini, Konsèy Sekirite LONU mete aksan sou solidarite li ak pèp Ayisyen an epi eksprime sipò li pou travay BINUH ak anplwaye Nasyonzini an Ayiti ap fè pou ede Ayiti gen yon avni miyò.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG