Accessibility links

Breaking News

Kanada Pwomèt $80,5 Milion Kanadyen pou Apiye Misyon Sekirite Kenya Pral Dirije an Ayiti


Minis Afe Etranje Kanadyen Melanie Joly (mitan) Sekrete d Eta Antony Blinken, Minis Sid Koreyen Cho Tae-yul ak Minis Japonez Yoko Kamikawa.
Minis Afe Etranje Kanadyen Melanie Joly (mitan) Sekrete d Eta Antony Blinken, Minis Sid Koreyen Cho Tae-yul ak Minis Japonez Yoko Kamikawa.

Kanada anonse Jedi 22 Fevriye li pral kontribye C$123 milyon (Kanadyen) swa $91 milyon dola Ameriken - e ladann gen C$80,5 milyon pou deplwaman misyon miltinasyonal Kenya pral dirije pou ede polis nasyonal Ayiti konbat gang kriminèl yo nan moman peyi a ap fè fas ak yon gwo kriz imanitè.

Minis Afè Etranje Melanie Joly pibliye yon deklarasyon kote l di: Sipo Kanada pral "kontribye a preparasyon pou entèvansyon enpotan pou pwoteje pèp Ayisyen an epi ankouraje jefo Ayisyen ap dirije pou retabli lapè ak pwosperite nan peyi a."

XS
SM
MD
LG