Accessibility links

Breaking News

Blinken Ranmase Sipò pou Misyon Sekirite Ayiti a nan Brezil


Sekrete d Eta Antony Blinken, Sekrete Brezilyen pou Amerik Latin ak Karayib la, Gisela Padovan, e Sekrete Jeneral Adjwen LONU Amina Mohammed
Sekrete d Eta Antony Blinken, Sekrete Brezilyen pou Amerik Latin ak Karayib la, Gisela Padovan, e Sekrete Jeneral Adjwen LONU Amina Mohammed

Kanada, Benen, ak Jamayik ofri pou apiye fòs sekirite entenasyonal LONU apiye pou Ayiti, e ki gen kòm bi pou konbat zak vyolans gang yo kap ravaje Ayiti.

Nouvel la soti nan yon deklarasyon Etazini pibliye Jedi 22 Fevriye. Etazini te patwone rankont sou Ayiti a ansanm ak Brezil.

Washington deja pwomet $200 milyon pou finanse Misyon Sipò Sekirite Multinasyonal la (MSS) ke Kenya te di li dakò pou dirije ane pase a.

Sekrete d Eta Antony Blinken te rasanble responsab yo nan vil Rio de Janeiro, kote minis afe etranje gwoup G20 an (ki gen ladann peyi endistriyalize) ap rakontre semen sa a. Li ankouraje yo apiye inisyativ la.

Blinken deklare: "Fòk nou fe plis pou ede fòs polis nasyonal Ayiti stabilize epi sekirize sityasyon an kounyea pou ke asistans ka antre epi distribye yon fason efikas pou ke moun ki pi bezwen l ka jwenn ni, epitou pou ke pep Ayisyen an pa oblije ap viv nan la tere akoz gang yo. Nou vle we Ayiti byen retounen ak fòs sou chimen demokratik la.

Deklarasyon Etazini pibliye a di Kanada, Benen, La Frans ak La Jamayik "anonse asistans finansye, kontribisyon pesonel epi pran angajman vizavi misyon an."

Konsey Sekirite Nasyonzini te otorize misyon an nan mwad Oktòb la, yon ane apre Ayiti te mande asistans pou konbat gang vyolan ki finn preske pran kontwòl kapital la, Pòtoprens.

Gen preske 5,000 Ayisyen ki mouri anba zak vyolans gang yo ane pase a.

XS
SM
MD
LG