Accessibility links

Breaking News

Kenya Pral Pouse pou Pi Devan ak Misyon Sekirite Ayiti a Malgre Desizyon Tribinal la


Foto Achiv: Prezidan Kenya William Ruto nan Nairobi, kapital Kenya.
Foto Achiv: Prezidan Kenya William Ruto nan Nairobi, kapital Kenya.

Kenya pral pouse pou pi devan ak plan li genyen pou l dirije yon misyon sekirite LONU apwouve pou Ayiti, malgre desizyon yon tribinal nan Nairobi pran semèn pase a pou bloke deplaman an.

Se sa Prezidan William Ruto di ajans nouvel Reuters Madi 30 Janvye a.

Se Etazini kap finanse fòs entènasyonal la, ki vize takle zak vyolans gang yo nan peyi d Ayiti, ki te lakoz prèske 5 mil moun te mouri ane pase a.

Misyon an te vinn an dout apre yon tribinal Kenyan te deside li pa konstitisyonèl pou deplwaye solda nan peyi etranje amwenske yon "aranjman resipwòk" egziste ak peyi kote yap voye polisye yo.

Ruto di Ayiti te mande asistans sa gen plizyè mwa desa e ke li tap tann yon demann ofisyèl ki ta dwe rive anvan lontan pou satisfè demann tribinal la.

"Mwen kwè moun mal entèprete sa tribinal la fè. Tribinal la bayyon opsyon diferan. Tribinal la di ok pa pase pa Konsèy Sekirite Nasyonal la ak palman an ki se vwa yo toujou pran lè nou anvizaje deplwaye lame a. Li di sèvi ak vwa bilateral la pito. Donk tribinal la sigjere nou pa oblije pran chimen ki mande plis travay la. Nou tou senpleman oblije genyen yon ako bilateral ant Kenya ak Ayiti. E sa sifi pou nou deplwaye polisye nou yo lot bo a."

Ayiti te mande asistans pou premye fwa an 2022 nan moman zak vyolans gang yo tap ogmante, men li patka jwenn okenn peyi pou pran misyon an chaj. Anpil gouvènman etranje gen kè sote pou apiye gouvènman Ayisyen an ki pa eli.

Kenya bo kote pa li gen yon long istwa ak operasyon mentyen lapè entènasyonal. Li te aksepte finalman pou l pran misyon an an chaj nan mwad Jiyè 2023 epi pwomèt pou kontribye mil polisye. Ruto te di Kenya ap fè sa pou pote solidarite pou yon peyi li konsidere tankou yon frè.

Bahamas, Antigua ak Barbuda epi Jamayik di yo dako pou kontribye polisye tou. Etazini pwomèt $200 milyon pou ede deplwaman an derape.

Semèn pase a, Nasyonzini te pibliye yon rapo ki di gen 4,789 moun ki mouri anba zak vyolans gang yo ane pase a. Se yon ogmantasyon 119% konpare ak ane 2022. Gen yon lot 3 mil moun gang yo kidnape.

XS
SM
MD
LG