Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Kominote Entènasyonal la Sipòte Misyon Fòs Miltinasyonal pou Ayiti a


USA, Washington, State department spokesman Matthew Miller (Foto: State department)
USA, Washington, State department spokesman Matthew Miller (Foto: State department)

Washington mande kominote entènasyonal la Samdi pou l sipòte misyon Nasyonzini ann Ayiti a nan efò pou anpeche vyolans gang kontinye nan peyi a, nan moman vin gen gwo dout sou deplwaman misyon sa a an Ayiti apre pi gran tribunal nan Kenya a bloke desizyon ke gouvènman an te pran pou voye 1000 polisye ann Ayiti.

Matthew Miller, ki se pòtpawòl Depatman Deta Ameriken di nan yon deklarasyon, “Angajman Etazini pou pèp ayisyen an rete inébranlab”.

"Nous réaffirmons notre soutien aux efforts internationaux en cours visant à déployer une mission de soutien sécuritaire multinationale à destination de Haïti (...) et renouvelons nos appels auprès de la communauté internationale à fournir urgemment un soutien à cette mission", a-t-il ajouté.

Li kontinye pou l di "Nou reyafime sipò nou pou efò entènasyonal ki ap fèt pou deplwaye yon misyon miltinasyonal pou sipòte sekirite ann Ayiti (...) e nou renouvle apèl bò kote kominote entènasyonal la pou bay sipò ijan pou misyon sa a".

Nairobi te fè konnen li pare pou voye jiska 1,000 polisye ann Ayiti, epi vandredi, Tribinal Siperyè a nan Nairobi bloke desizyon gouvènman an, ke li jije kòmkwa li "enkonstitisyonèl, illegal e san valè”.

Gouvènman Kenya a anonse ke li pwal "konteste imedyatman" vèdik tribinal la.

Miller deklare "Gen yon bezwen ijan pou kominote entènasyonal la reponn nivo vyolans yo ke peyi a pa te janm konnen anvan."

Asasinay Prezidan Jovenel Moïse an 2021 te lage Ayiti nan yon dezòd total.

Dapre LONU, gang yo kontwole 80% kapital peyi a (Pòtoprens ).

XS
SM
MD
LG