Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranje Kenya di VOA Plan pou Voye Polisye yo Ayiti ap Rapousuiv


Minis Afè Etranje Kenya Musalia Mudavadi, pandan yon entèvyou ak sèvis Swahili VOA nan Washington, 1 Fevriye, 2024.
Minis Afè Etranje Kenya Musalia Mudavadi, pandan yon entèvyou ak sèvis Swahili VOA nan Washington, 1 Fevriye, 2024.

Minis Afè Etranje peyi Kenya di VOA jefo pou voye polisye peyi a an Ayiti ap rapousuiv.

Minis Musalia Mudavadi te pale ak sèvis Swahili Lavwadlamerik la yè Jedi 1 Fevriye, nan Washington, kote li te rankontre Sekretè Deta Antony Blinken.

"Konstitisyon nou pèmèt yon moun ale devan tribinal la epi defye yon desizyon. Nou wè sa plizyè fwa deja. Gen moun ki soulve pwoblèm pa rapo ak politik etsetera. Lè gouvènman an defann pozisyon li devan tribinal la li respekte desizyon jij la."

Minis la di VOA gouvènman an gen entansyon ale ann apèl kont desizyon tribinal la pran pou di jefo pou voye polisye Kenya an Ayiti pa konstitisyonèl.

" Nan ka Ayiti a, minis jistis la ap revize jijman an epi li pral ann apèl pou konteste l. Men m ta renmen di piblikman tou ke desizyon an endike ke si gen yon demann ofisyèl ki fèt sou yon baz bilateral, pa gen anyen ki ka anpeche Kenya pouse pou pi devan ak plan an. "

Pi bonè semèn sa a, Prezidan Kenya William Ruto te di ajans nouvèl Reuters ke lap tann demann ofisyèl Ayiti a pou li ka rapousuiv ak plan pou voye polisye yo an Ayiti.

Ayiti te mande asistans pou premye fwa an 2022 nan moman zak vyolans gang yo tap ogmante, men li patka jwenn okenn peyi pou pran misyon an chaj. Anpil gouvènman etranje gen kè sote pou apiye yon gouvènman Ayisyen ki pa eli.

Kenya bo kote pa li gen yon long istwa ak operasyon mentyen lapè entènasyonal.

"Mwen ta renmen repete ke Kenya toujou jwe yon wol esansyel nan jefo mentyen lape yo toupatou nan mond lan. Nou fe sa nan rejyon Afrik de Lwes la. Nou fe l Namibi. Nou te Kosovo, Timor de Les epi menm Somali kote nou te pote kole ak Kominote Afrik de Les la. Fos nou yo te nan Repiblik Demokratik Kongo pandan yon ane donk yo patisipe nan plizye inisyativ lape. Se yon bel egzanp entegrite Kenya genyen nan domen sa a. Savledi yo repsekte nou. Savledi fos polis nou yo gen disiplin e moun rekonet pwofesyonalism yo. Kenya dwe fye de sa. "

Nairobi te aksepte pou l pran misyon an an chaj nan mwad Jiyè 2023 epi pwomèt pou kontribye mil polisye. Ruto te di Kenya tap fè sa pou pote solidarite pou yon peyi li konsidere tankou yon frè.

Bahamas, Antigua ak Barbuda epi Jamayik di yo dako pou kontribye polisye tou. Etazini pwomèt $200 milyon pou ede finanse misyon an.

Nan mwad Desanm 2023, pandan yon konferans nan vil Seoul ki te santre sou jefo mentyen lapè Nasyonzini an, Kore di Sid te pwomèt pou l fè Kenya kado 16 elikoptè militè pou ede nan misyon mentyen lapè li yo. Ajans nouvèl Kore di sid la Yonhap fè konnen premye 6 elikoptè Lame Repiblik Korea a rive Kenya.

Nan Potoprens, sitwayen ki pale ak ajans nouvel Reuters di Ayisyen ta dwe kole tet ansanm pou rezoud ensekirite a.

"Kriz la se yon kriz Ayisyen li ye. M sonje an 2006, 2007 MINUSTAH te vini kisa yo te fè? Wap wè yo kite pitit, yo kite kolera - yo kite yon pakèt pitit san papa. Jodia si nou mete tèt ansanm, nou ka fè mevèy."

Nasyonzini pibliye yon rapo ki di gen 4,789 moun ki mouri anba zak vyolans gang yo ane pase a. Se yon ogmantasyon 119% konpare ak ane 2022. Gen yon lot 3 mil moun gang yo kidnape.

Sèvis Swahili VOA, jounalis kap travay sou l Afrik Mariama Diallo ak Salem Salomon kontribye a repotaj sa a depi Washington ak Nairobi, Kenya. Kèk enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvèl Reuters, ak Yonhap.

XS
SM
MD
LG