Accessibility links

Breaking News

Guy Philippe di VOA Kreyòl: 'Revolusyon an Pap Kanpe'


Entevyou Valerio Saint-Louis ak ansyen senate ak lide rebel Ayisyen Guy Philippe, 10 Fevriye, 2024.
Entevyou Valerio Saint-Louis ak ansyen senate ak lide rebel Ayisyen Guy Philippe, 10 Fevriye, 2024.

Nan yon entèvyou eksliziv Samdi (10 Fevriye) ak VOA Kreyòl, ansyen senatè ak lidè rebèl Ayisyen Guy Philippe deklare lap mennen yon "revolisyon pasifik" e ke li an kontak ak lidè pati Pitit Dessalines nan, Moise Jean Charles, ansanm ak manm "tout sektè" politik pou mete tèt yo ansanm pou ede Ayiti avanse.

Philippe di se "Ayisyen sèlman ki ka sove Ayiti", e li akize Etazini ak CORE gwoup la dèske yap eseye "dikte" kiyès ki ta dwe dirije Ayiti. CORE gwoup la se yon gwoup entègouvènmantal enfòmèl ki gen ladann gran puisans etranje ki enplike nan politik Ayiti. Gwoup sa a gen ladann reprezantan Nasyonzini, Brezil, Kanada, La Frans, Almay, Espay, Inyon Ewopeyen an, Lèzetazini ak Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).

Entèvyou Esklisiv VOA Kreyòl: Guy Philippe di Lap Mennen yon 'Revolisyon Pasifik' an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:31:04 0:00

Pandan entèvvyou a, Guy Philippe kritike Chaje d Afè Ameriken an Eric Stromayer kòm kwa li ta foure bouch li twòp nan zafè politik Ayiti.

Nan yon mesaj Anbasad Etazini nan Pòtoprens te pibliye sou rezo sosyal X (ansyen Twitter) 3 Fevriye, Anbasadè Stromayer te deklare an kreyòl " N ap kontinye lanse yon apèl an favè yon pwosesis politik ki enkli tout moun an Ayiti. Sèl chimen lejitim lan se atravè eleksyon lib ak jis."

Ayisyen selebre arive BSAP pandan yon manifestasyon kont Premye Minis Ariel Henry pou mande l demisyonnen, 6 Fevriye 2024.
Ayisyen selebre arive BSAP pandan yon manifestasyon kont Premye Minis Ariel Henry pou mande l demisyonnen, 6 Fevriye 2024.

7 Fevriye

Guy Philippe di "byen su" li te Pòtoprens 7 Fevriye. "Nou tapral fè yon mach pasifik pou mande l (PM Ariel Henry) retire kò l sou pouvwa a," misye di VOA.

"Kapital la led Ariel Henry pa fe anyen, gang toupatou - se nan kad sa a nou tap manifeste," li esplike.

Misye di gen yon pikòp ki te gen 13 ajan BSAP ladann ki selon limenm pat ame, ki te pran devan machin pa li. Lapolis te touye 5 ajan Pwoteksyon Anvironmantal (BSAP) nan kapital la, Pòtoprens, nan yon echanj kout zam anpil moun gen kè sote pral agrave kriz la.

Lionel Lazarre, direktè sendika polisye Synapoha a di Associated Press - lese frape ant lapolis ak ajan BSAP yo te dewoule nan Laboul. Li deklare ajan BSAP yo te louvri zam apre lapolis te mande yo depoze zam yo.

Lese frape ap dewoule ant ajan BSAP yo ak lapolis depi mwad Janvye a, sa ki te lakoz PM Henry te anonse yon restriktirasyon ajans anvironmantal la epi revokasyon chèf la.

Nan yon deklarasyon li pibliye Jedi, Ofis Pwoteksyon Sitwayen Ayisyen an te kondane asasina ajan anvironmantal yo epi mande pou yon komisyon endepandan envestige ensidan an.

Men Guy Philippe akize gouvènman an ak kominote entenasyonal la dèske entansyon yo sete asasinen l. Li akize yo dèske yo "planifye e finanse" atak la.

"Entansyon yo sete asasinen m paske yo te gen tout enfòmasyon ke m te nan machin sa a. Men Bondye epaye m."

VOA Kreyòl mande Depatman d Eta fe komante sou akizasyon sa a, nou poko jwenn repons.

Diskou 7 Fevriye PM Ariel Henry a

Premye Minis Ariel Henry te lanse yon apèl o kalm nan diskou nasyonal li fè nan anvan solèy leve Jedi 8 Fevriye, apre 3 jou manifestasyon vyolan ki te paralize peyi a. Plizyè milye moun te pran lari toupatou nan peyi d Ayiti pou mande premye minis la demisyonnen.

"Mwen kwè lè a rive pou kole tèt ansanm pou sove Ayiti, pou fè bagay yo yon lòt jan nan peyi nou". Henry pa bay okenn presizyon.

Premye Minis la mande pèp Ayisyen an pou l pa konsidere gouvènman an ak Fòs Polis Nasyonal la tankou advèsè. Li di moun ki chwazi vyolans, destriksyon ak asasina sitwayen yo pou pran pouvwa a "pap travay nan enterè pèp Ayisyen an."

Nou mande Guy Philippe reyaksyon l.

"Ou tou wè se yon jwèt" - m ta renmen konnen sou ki baz li kanpe pou l fè deklarasyon sa a.

Philippe akize premye minis la dèske se limenm kap kreye kondisyon pou eleksyon pa janm fèt.

"Neg sa a pap janm kite eleksyon fèt" li deklare.

Minis Afè Etranje Kenya di Plan pou Voye Polisye yo Ayiti ap Rapousuiv
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:13 0:00

Fòs Miltinasyonal

Pa rapò ak lide pou voye yon fòs miltinasyonal ke Kenya ta dirije vinn ede Ayiti jere zak vyolans gang yo, Guy Philippe di li opoze jefò sa a.

"Tout kote yo pase - menm lakay yo- ou ka we koman pep la pa vle we yo." Misye souliyen kritik Kenyan lanse kont fòs polis la pou abi li komet kont sitwayen ki tap manifeste kont gouvenman an lakay yo. Li kritike tou, desizyon Prezidan Kenya William Ruto pran pou l pa okipe desizyon Kou Siprem peyi li pran pou di patisipasyon polisye peyi a nan yon fòs miltinasyonal pa konstitisyonel. Ruto di lap pousuiv pito yon ako bilateral ant peyi l ak Ayiti kote PM Henry ta mande pou polisye Kenya yo vinn ede Ayiti jere gang yo.

"Sa deja montre w kijan pou w we moun sa yo kap vinn nan peyi nou - yo pa menm respekte lajistis lakay yo. M panse tout moun ka we sa l ye," Guy Philippe deklare.

Pwochen etap

Nou mande Guy Philippe kisa li anvizaje fè nan jou kap vini yo?

"Li lè li tan pou Ayisyen pran kontwòl Ayiti" misye reponn. Li ajoute ke pwochen etap la "kòmanse deja - nap pale antre nou. Revolisyon an pap kanpe. Revolisyon an ap kontinye."

Misye fè konnen li pran kontak ak plizyè lidè politik, pami yo Moise Jean Charles e ke "nou gen yon plan - pa respè pou yo fòk yo kite diskisyon yo finn fèt anvan pou yo prezante l bay nasyon an. (Men) Nou gen plan - ki baze sou vwa souvrènte ekonomik, souvrènte politik" pou ke pèp Ayisyen an kapab "viv tankou moun".

Pi bonè nan semèn nan, Moise Jean Charles te bay detay sou diskisyon ki fèt ant 23 pati politik pou wetire PM Ariel Henry sou pouvwa a.

Moise Jean Charles Blame Etazini pou Sityasyon Peyi d Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:12 0:00

Guy Philippe di li kwè yap ka jwenn yon antant "rapidman. "

Li ensiste pou di tou ke lap travay nan lapè pou chanje sityasyon peyi d Ayiti.

"An 2004 mwen pat pwomèt yon revolisyon pasifik. An 2024 mwen di se yon revolisyon pasifik. Mwen pa konn kisa moun yo pat konprann nan pasifik la."

Misye fini pa di VOA li "pa gen okenn fos ame. M se yon Ayisyen kap pale, kap envite tout fos viv peyi a ede nasyon an."

XS
SM
MD
LG