Accessibility links

Breaking News

Guy Philippe Rive Pòtoprens nan Moman Manifestasyon Anti-Ariel Henry tap Dewoule


Ayisyen manifeste pou dezyem jou kont Premye Minis Ariel Henry, pou mande depa li sou pouvwa a, 6 Fevriye, 2024.
Ayisyen manifeste pou dezyem jou kont Premye Minis Ariel Henry, pou mande depa li sou pouvwa a, 6 Fevriye, 2024.

Ansyen lidè rebèl ak senatè eli Ayisyen Guy Philippe, fè yon vizit sipriz nan kapital Ayisyèn nan, Pòtoprens Madi, nan moman gwo manifestasyon tap dewoule toupatou nan peyi a pou dezyèm jounen youn apre lòt pou mande depa Premye Minis Ariel Henry.

Moun te wè Guy Philippe nan Petionville, ki se yon banlye Pòtoprens, kote li te bay lanmen ak Ayisyen ki te nan yon pak ki devan yon komisarya lapolis. Apre sa, misye te pati.

Moun pase bo kote kawotchou kap boule pandan yon manifestasyon kont Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 5 Fevriye 2024.
Moun pase bo kote kawotchou kap boule pandan yon manifestasyon kont Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 5 Fevriye 2024.

Yon ti tan apre, Guy Philippe te rele Radio Tele Eclair nan telefòn, pandan stasyon an tap difize yon emisyon an dirèk.

Misye deklare "batay la fèk kòmanse".

Manifestyon ap ogmante an Ayiti nan moman peyi a ap goumen pou jere zak vyolans gang yo ak lamizè kap vinn pi grav chak jou.

XS
SM
MD
LG