Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Peyi Kenya Bloke Depwaman Polisye yo ann Ayiti, Dapre yo Sa Pa nan Konstitisyon an


Kenyan court says police cannot deploy to Haiti mission
Kenyan court says police cannot deploy to Haiti mission

NAIROBI, Kenya (AP) — Vandredi 26 janvye 2024 la Tribinal siprèm Kenya a entèdi deplwaman polisye peyi a ke l-ONU apiye ann Ayiti pou ede ranfòse kapasite fòs polis peyi Karayib la pou mete kontwol sou vyolans gang yo.

Jij Gran Tribinal la Chacha Mwita deklare Konsèy Sekirite Nasyonal Kenya a, ke prezidan an dirije, pa gen otorite pou deplwaye lapolis regilye andeyò peyi a.

Palman Kenya a te pase yon mosyon nan mwa Novanm ki pèmèt deplwaman 1,000 polisye pou dirije yon fòs milti-nasyonal ann Ayiti.

Mwita deklare "Pa gen okenn aranjman ki fèt ant Kenya ak Ayiti, e pèsonn pa demanti sa, e pou rezon sa a, pa ka gen deplwaman lapolis nan peyi sa a,"

Jij la di ke òf Kenya a sete yon bèl bagay, men ke li dwe fèt ann akò ak konstitisyon an.

Mwita te pran desizyon an pou reponn yon aplikasyon lidè pati politik Alliance 3èm Wout la Ekuru Aukot te fè kote li te di ke plan gouvènman an genyen pou l voye polisye yo ann Ayiti a ilegal.

Maria Isabel Salvador, ki se Reprezantan LONU ann Ayiti, te di Konsèy Sekirite Nasyonzini an: “Sitiyasyon Ayiti a grav anpil. Plizyè kriz ki makònen ansanm nan peyi a rive nan yon pwen kritik”.

Li di ke biwo li te dokimante ke vyolans gang fè 8,400 viktim pou ane 2023 a - 122% plis ke sa yo genyen pou ane 2022.

Apeprè 300 gang kontwole apeprè 80% nan kapital la, epi yo responsab 83% nan ka moun ki mouri asasinen oubyen ki te blese ane pase.

Rebel Leader-Haiti
Rebel Leader-Haiti

Guy Philippe, yon ansyen senatè eli ann Ayiti, soupriye otorite Kenya nan yon mesaj videyo semèn sa a pou yo pa kite lapolis oswa militè lakay yo deplwaye ann Ayiti.

Philippe deklare pèp ayisyen an konsidere moun Kenya kòm frè, antanke Afriken parèy yo, men ke si lapolis peyi sa a deplwaye an Ayiti, pèp Kenya a pral tounen "lènmi" Ayisyen paske fòs la pral sipòte yon gouvènman ki pa lejitim.

XS
SM
MD
LG