Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ariel Henry Lanse Apèl o Kalm Nan Diskou 7 Fevriye li


Foto Achiv: Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)
Foto Achiv: Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)

Premye Minis Ariel Henry lanse yon apèl o kalm nan diskou nasyonal li fè nan anvan solèy leve Jedi apre 3 jou manifestasyon vyolan ki paralize peyi a. Plizyè milye moun pran lari toupatou nan peyi d Ayiti pou mande premye minis la demisyonnen.

Diskou brèf la pa soulaje moun ki vekse epi fristre akoz zak vyolans gang yo, lamizè kap vinn pi grav chak jou epi mank pwogrè ki fèt nan direksyon oganizasyon eleksyon jeneral.

Henry deklare:

"Mwen kwè lè a rive pou kole tèt ansanm pou sove Ayiti, pou fè bagay yo yon lòt jan nan peyi nou". Li pa bay okenn presizyon.

Henry mande pèp Ayisyen an pou l pa konsidere gouvènman an ak Fòs Polis Nasyonal la tankou advèsè. Li di moun ki chwazi vyolans, destriksyon ak asasina sitwayen yo pou pran pouvwa a "pap travay nan enterè pèp Ayisyen an."

Komantè sa yo vini nan moman plizyè milye Ayisyen pran lari chak jou semèn sa a nan vil toupatou nan peyi a pou mande Henry bay pouvwa a. Yo di yo pral kontinye pwoteste jiskaske li pati.

Palman Ayisyen an pap fonksyone ditou apre mande dènye 10 senatè eli yo te ekspire nan mwad Janvye 2023. Ayiti pa resi òganize eleksyon ki te sipoze dewoule an 2019 ak 2023. Ariel Henry te monte sou pouvwa a ak sipò kominote entènasyonal la apre asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Jiyè 2021.

Mèkredi, lapolis te touye 5 ajan Pwoteksyon Anvironmantal (BSAP) nan kapital la, Pòtoprens, nan yon echanj kout zam anpil moun gen kè sote pral agrave kriz la.

Lionel Lazarre, direktè sendika polisye Synapoha a di Associated Press - lese frape ant lapolis ak ajan BSAP yo te dewoule nan Laboule. Li deklare ajan BSAP yo te louvri zam apre lapolis te mande yo depoze zam yo.

Lese frape ap dewoule ant ajan BSAP yo ak lapolis depi mwad Janvye a, sa ki te lakoz PM Henry te anonse yon restriktirasyon ajans anvironmantal la epi revokasyon chèf la.

Nan yon deklarasyon li pibliye Jedi, Ofis Pwoteksyon Sitwayen Ayisyen an kondane asasina ajan anvironmantal yo epi mande pou yon komisyon endepandan envestige ensidan an.

Li di tou gen 3 jounalis nan vil Jeremie ki blese pa bal pandan yo tap fè repòtaj sou manifestasyon yo epi akize lapolis dèske li sezi ekipman jounalis yo nan vil Kap Ayisyen nan nò a. Ajans la di li konsidere ensidan sa yo tankou "atak grav kont libète laprès."

Nan diskou li, Henry di Ayisyen bezwen lapè, sekirite, travay ak kapasite pou yo sikile nan peyi a libreman.

Henry pwomèt yon lot fwa ankò pou oganize eleksyon jeneral osito pwoblèm ensekirite Ayiti yo rezoud. Li di li pral kontinye kontakte epi travay ak tout moun nan peyi a ki vle pouse pou pi devan "pou pran desizyon ansanm ki pral ede nou soti nan kriz la."

PM Ariel Henry felisite lapolis pou jefò yo fè pou konbat gang yo epi pwomèt pou l kontinye travay pou fòs miltinasyonal Kenya pral dirije a ke LONU apiye vini an Ayiti. Pou kounyea, plan an bloke akoz yon desizyon tribinal Kenya pran.

Pou fini, Henry prezante senpati li bay fanmi tout moun ki mouri nan manifestasyon vyolan ki dwoule semèn sa a.

Ayisyen bò kote pa yo di yo te vle pou Henry demisyonnen 7 Fevriye, ki se dat lidè Ayisyen yo konn prete sèman. Dat sa a gen siyifikasyon istorik tou pou Ayiti. 7 Fevriye 1986, diktatè Jean Claude Duvalier te pati kite Ayiti pou al viv nan La Frans. 7 Fevriye 1991, Jean Bertrand Aristide te tounen premye prezidan demokratikman eli peyi Dayiti apre li te prete sèman.

XS
SM
MD
LG