Accessibility links

Breaking News

Nichols di VOA Gen 'Anpil Pwogrè' ki Fèt nan Jefò pou Voye yon Fòs Miltinasyonal Ede Ayiti Jere Gang yo


Brian Nichols, Sou Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal pandan yon entevyou ak jounalis VOA Espayol Jorge Agobian depi vil San Francisco, Kalifoni, 16 Nov. 2023.
Brian Nichols, Sou Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal pandan yon entevyou ak jounalis VOA Espayol Jorge Agobian depi vil San Francisco, Kalifoni, 16 Nov. 2023.

Jefò pou deplwaye yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti jere gang yo ap pouse pou pi devan, dapre sa Brian Nichols, Sou Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal la di VOA jodi Jedi a.

" Eben nap fe anpil pwogrè. Palman Kenyan an apwouve deplwaman an ak kèk kondisyon e nap travay ak patnè nou yo toupatou nan emisfè a pou lyeu pou fè fòmasyon an epi Lèzetazini deja pran angajman pou kontribye $250 milyon pou apiye jefò sa a. Gen lòt peyi toupatou nan mond lan ki endike ke yomenm tou yo vle kontribye a jefò sa a -- swa ekonomikman swa ak ekipman. Nasyonzuni ap travay pou kreye yon fon espesyal kote peyi yo ka kontribye finansyèman pou apiye misyon fòs miltinasyonal la."

Nichols te pale ak kolaborate nou, jounalis VOA Espayòl, Jorge Agobian.

Vreman vre, Palmantè Kenya yo vote Jedi an favè demann pou deplwaye plizyè santèn polisye an Ayiti pou ede peyi a jere zak vyolans gang yo.

Lidè adjwen Palman an, Gladys Boss te lanse apèl pou yo vote, e palmantè yo te apwouve deplwaman an. Yo site yon rapò ki di deplwaman an an akò ak demann konstitisyonèl yo, e ke li pran an konsiderasyon opinyon piblik la ke yo te ranmase ant 2 ak 9 Novanm.

Nan mwad Jiyè a, Kenya te ofri pou l kontribye 1,000 polisye nan fòs la apre Ayiti te mande asistans kominote entènasyonal la.

Sepandan nan komansman mwad Oktòb la, yon pati opozisyon Kenyan t al nan tribinal kote jij la te akòde l yon lòd pou sispann deplwaman an.

Pati opozisyon an te plenyen pou di plan an pat pran an konsiderasyon opinyon piblik la e ke li te enkonstitusyonèl paske se sèlman lame a ki ka deplwaye nan peyi etranje.

Sou Sekretè Deta Ameriken Brian Nichols di VOA sipò pou fòs la ap ogmante tou an Ayiti.

"Gwoup Pèsonaj Eminant CARICOM nan ki gen 3 ansyen premye minis peyi Karayib yo ladann fèk vwayaje Ayiti kote yo pale ak divès politisyen ak objektif pou jwenn yon konsansus pi laj vizavi kestyon gouvènans la an Ayiti. Nou rekonèt se yon sityasyon ijan e nap fè anpil pwogrè vizavi deplwaman an ke gouvènman Ayisyen an te mande. Sondaj ki fèt an Ayiti endike tou yon majorite Ayisyen apiye misyon sa a."

Gabriel Tongoyo, direktè komisyon Administrasyon ak Sekirite Entèn Palman Kenya a di manda misyon polisye a se un an e ke Nasyonzini pral peye tout frè yo.

Yon odisyon tribinal sou defi opozisyon an pa rapò ak legalite deplwaman an pral dewoule 26 Janvye 2024, dapre sa Charles Midenga, avoka moun ki prezante petisyon an di ajans nouvèl Reuters.

Jounalis VOA Espayol Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a depi Washington. Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters.

XS
SM
MD
LG