Accessibility links

Breaking News

Tribinal Sipreyè Kenya Pwolonje Desizyon ki Sispann Deplwaman Polisye yo an Ayiti


Foto Achiv: Yon polisye Kenyan reyaji apre patizan lide opozisyon Raila Odinga patisipe nan yon manifestasyon kont gouvenman an nan Nairobi, 19 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Yon polisye Kenyan reyaji apre patizan lide opozisyon Raila Odinga patisipe nan yon manifestasyon kont gouvenman an nan Nairobi, 19 Jiye, 2023.

Yon tribinal nan peyi Kenya pwolonje Madi desizyon jidisyè ki te sispann deplwaman 1,000 polisye an Ayiti.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni otorize misyon an pou ede Ayiti sa gen 3 semèn akoz peyi a ap fè fas ak yon nivo krim yo poko janm konstate anvan.

Desizyon gouvènman Kenyan an pran pou l deplwaye polisye an Ayiti soulve anpil kestyon ak kritik nan peyi sa a ki sitye nan Afrik de lès.

Kou Sipreyè Nairobi a te sispann pou jous 9 Oktob, desizyon pou deplwaye polisye yo ann atandan li finn egzaminen apèl yon avoka ak opozan gouvènman an, Ekuru Aukot, prezante pou di deplwaman an pa konstitisyonèl.

Dr. Ekuru Aukot Lide Opozisyon Kenya
Dr. Ekuru Aukot Lide Opozisyon Kenya

Kou Siperyè a te sipoze tande dosye a Madi men li ranvwaye odisyon an pou 9 Novanm kounyea.

Tribinal la di yo te apwoche l pou l pran yon desizyon sou sa anvan okenn lot moun e ke li pa fè okenn sans pou anile deisizyon an oubyen kite lod pwozivwa yo ekspire.

Detay misyon pou Ayiti a, ke Lèzetazini apiye poko finn finalize e Palman Kenya a poko vote sou li, ki se yon bagay konstitisyon an egzije.

13 Oktob pase, a gouvènman Kenyan an te deklare li "ratifye" deplwaman an epi voye tèks la bay Palman an. Sepandan, dapre avoka ki konteste desizyon an, anons sa a se yon manke dega pou tribinal la.

Gouvènman Kenyan an ap fè fas ak anpil kritik poutèt li chwazi pou l voye polisye an Ayiti, kote ki gen anpil ensekirite ki poze gwo risk pou lavi yo.

ONG kap travay sou dwa moun yo souliyen polisye Kenyan yo gen abitid itilize lafos, pa fwa yo konn menm touye sivil. Gen lot kritik ki di fos polis Kenya a pa gen ase fomasyon pou l konfronte gang ki ame jouk nan dan e ki konnen teren an byen.

Minis enteryè Kenyan an te rasire pep la 12 Oktob ke gouvènman an pap voye polisye an Ayiti antanke kobay.

Kenya deja patisipe nan plizye operasyon mentyen lapè nan peyi vwazen tankou Repiblik Demokratik Kongo (DRC), Somali epi Liberya, Timor de Lès ak ansyen Yougoslavi a.

XS
SM
MD
LG