Accessibility links

Breaking News

Palmantè Opozisyon Kenya yo di Fòk Palman an Apwouve Misyon Mentyen Lapè Ayiti a


Foto Achiv: Yon pespektiv jeneral Palman peyi Kenya, 15 Jyen 2023.
Foto Achiv: Yon pespektiv jeneral Palman peyi Kenya, 15 Jyen 2023.

Palmantè Kenyan yo deklare fòk palman peyi a bay apwobasyon li anvan yo deplwaye polisye nan misyon mentyen lapè pou Ayiti a ke Kenya vle dirije.

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an te apwouve misyon an pi bonè semèn sa a. Objektif prensipal li se pral ede polis nasyonal Ayiti konbat zak vyolans gang yo.

Palmantè opozisyon Anthony Oluoch deklare pandan yon sesyon chanm bas Palman an Mèkredi, ke yo poko reponn kondisyon pou yon deplwaman nan peyi etranje selon Lwa Nasyonal Lapolis la.

Misye di tou, bezwen sekiritè peyi Kenya "dwe jere anvan yo pran angajman ak peyi etranje."

Palmantè a tap fè aluzyon ak atak gwoup ekstremis al-Shabab la ki baze nan Afrik de Lès ap lanse andedan peyi a. Gwoup sa a afilye ak al-Qaida.

Gen yon lòt palmantè ki rele Junet Mohamed ki di fòk Palman an diskite epi apwouve misyon an "anvan okenn polisye kite peyi a pou sa li dekri tankou yon "misyon danjre". Misye di polisye Kenyan yo pa gen eksperyans nan konbat krim lokal.

Apre apwobasyon rezolisyon Konsèy Sekirite LONU an, Prezidan Kenyan an, William Ruto te pwomèt pou'l pa "desevwa pèp Ayisyen an."

Prezidan Etazini Joe Biden te remèsye Ruto Mèkredi poutèt li "reponn apèl Ayiti lanse epi volontye pou sèvi ak dirije fòs Miltinasyonal Sipò ak Sekirite a."

Konstitusyon peyi Kenya di fòk palman an apwouve tout deplwaman fòs nasyonal ak fòs mentyen lapè nan peyi etranje. Sepandan li pa klè si yo konsidere deplwaman fòs polisye a tankou yon fos nasyonal.

Yon palmantè ki pale ak Associated Press di yo pwal pwobableman voye kestyon an bay yon komite konjwen palman an ki gen ladann manm komisyon sekirite nasyonal la anvan ke yo soumèt li bay palman an pou vote sou li.

Palmantè a di li kwè polisye Kenyan yo konpetan e yo ka jere misyon an paske "sityasyon Ayiti a se pa yon lagè men pito zak vyolans gang."

Minis afè etranje Alfred Mutua te di Lendi, ke deplwaman an pral pran yon ti espas tan tou kout epi ke yo deja komanse planifye pou lojistik. Mutua te di tou ke polisye Kenyan yo ap aprann pale Franse pou diminye baryè lang ki egziste ant Kenyan ak Ayisyen.

XS
SM
MD
LG