Accessibility links

Breaking News

Palman Kenya a Apwouve Deplwaman Fòs Polis la an Ayiti


Foto Achiv: Yon pespektiv jeneral Palman peyi Kenya, 15 Jyen 2023.
Foto Achiv: Yon pespektiv jeneral Palman peyi Kenya, 15 Jyen 2023.

Palmantè Kenya yo vote Jedi an favè demann pou deplwaye plizyè santèn polisye an Ayiti pou ede peyi a jere zak vyolans gang yo.

Nan mwad Jiyè a, Kenya te ofri pou l kontribye 1,000 polisye nan fòs la apre Ayiti te mande asistans kominote entènasyonal la.

Sepandan nan komansman mwad Oktòb la, yon pati opozisyon Kenyan t al nan tribinal kote jij la te akòde l yon lòd pou sispann deplwaman an.

Pati opozisyon an te plenyen pou di plan an pat pran an konsiderasyon opinyon piblik la e ke li te enkonstitusyonèl paske se sèlman lame a ki ka deplwaye nan peyi etranje.

Lidè adjwen Palman an, Gladys Boss te lanse apèl pou yo vote, e palmantè yo te apwouve deplwaman an. Yo site yon rapò ki di deplwaman an an akò ak demann konstitisyonèl yo, e ke li pran an konsiderasyon opinyon piblik la ke yo te ranmase ant 2 ak 9 Novanm.

Se Premye Minis Ayisyen, Ariel Henry ki te mande asistans polisye Kenya yo, e komisyon palman an konkli ke demann sa a konfòm ak lwa peyi Kenya.

Gabriel Tongoyo, direktè komisyon Administrasyon ak Sekirite Entèn Palman Kenya a di manda misyon polisye a se un an e ke Nasyonzini pral peye tout frè yo.

Nasyonzuni estime gen 200,000 Ayisyen ki kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo, kidnaping, vyol epi ensandi bandi yo mete nan divès katye.

Yon odisyon tribinal sou defi opozisyon an pa rapò ak legalite deplwaman an pral dewoule 26 Janvye 2024, dapre sa Charles Midenga, avoka moun ki prezante petisyon an di ajans nouvèl Reuters.

XS
SM
MD
LG