Accessibility links

Breaking News

Jent Milite ki Kontwole Nijè di li Dejwe yon Tantativ Prezidan Dechouke Bazoum pou l Sove


Foto Achiv: Lide Kou Deta Nije yo nan Niamey, 26 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Lide Kou Deta Nije yo nan Niamey, 26 Jiye, 2023.

Jent ki sou pouvwa nan Nijè a fè konnen ayè jedi a lame a dejwe yon tantativ prezidan dechouke Mohamed Bazoum pou li te sove, pandan li nan rezidans siveye depi yon kou deta 26 Jiyè pase, malgre apèl entènasyonal ki mande pou lage pye l.

Otorite pwovizwa yo fè konnen Bazoum ak fanmi li, ak èd kèk konplis nan fòs sekirite yo, te planifye pou mete li nan machin epi mennen li toupre kapital la Niamey e mete li nan elikoptè pou mennen li ale nan peyi vwazen Nijerya.

« Gwo reyaksyon fòs defans ak sekirite te fè li posib pou dejwe plan sa a pou destabilize peyi nou, » se sa yon pòtpawòl lame a di sou televizyon nasyonal peyi a.

Ajans nouvèl Reuters ki ban nou depèch sa a pat ka konfime istwa a ni jwenn ak Bazoum, pandan yo pa konnen ki kote li ye.

XS
SM
MD
LG