Accessibility links

Breaking News

Nijè: Minis Afè Etranjè Lafrans Catherine Colonna deklare Paris Toujou ap Sipòte Prezidan Bazoum


The 78th United Nations General Assembly in New York
The 78th United Nations General Assembly in New York

Catherine Colonna fè deklarasyon sa lendi 25 septanm kote li repete ankò ke Pari sipòte ansyen Prezidan Mohamed Bazoum ke lame te dechouke sou pouva a nan Nijè.

Madam Colonna pale konsa yon jou apre Prezidan Emmanuel Macron te di Lafrans pral retire tout 1,500 sòlda li yo nan Nijè anvan fen 2023 a.

Paris te raple Anbasadè Lafrans samdi 24 septanm nan apre li te rete fèmen nan anbasad la nan Niamey apre Paris pat respekte dat limit jent la te bay pou li raple anbasadè li.

Macron refize rekonèt otorite jent la ki te pran pouvwa a an Jiyè e li di li toujou konsidere Prezidan Mohammed Bazoum kòm lidè lejitim Nijè.

XS
SM
MD
LG