Accessibility links

Breaking News

Nijè: 7 Sòlda Mouri nan Yon Atak Prezime Jihadis


Niger Attack
Niger Attack

7 sòlda pèdi lavi yo Jedi 28 septanm nan lwès Nijè apre yon atak prezime jihadis te fèt.

Gen 5 lòt sòlda ki mouri nan yon aksidan machin pandan yo tap eseye pote ranfò an repons a atak la, pandan ke peyi a ap chèche nouvo patnè militè.

Jedi, nan rejyon Tillabéri (lwès), "yon inite nan Operasyon Almahaou (anti-jihadis) nan yon misyon sekirite nan Kandadji, te sibi gwo atak vyolans pa plizyè santèn teworis," Minis defans lan te anonse nan yon nòt pou laprès ak Jeneral Salifou.

Mody, nonmen pa rejim militè a ki soti nan yon koudeta.

7 sòlda te mouri "nan konba," li te di.

"Pandan entèvansyon an" an repons a atak sa a, "yon aksidan trafik trajik te lakòz pèt senk nan sòlda brav nou yo," deklarasyon an te di.

XS
SM
MD
LG