Accessibility links

Breaking News

Etazini: Depatman Deta Deklare ke Desizyon Lafrans pran pou retire twoup yo nan Nijè pa chanje pozisyon Etazini


US North Korea
US North Korea

Desizyon Lafrans pou retire twoup li yo nan Nijè apre yon koudeta ki te fèt nan mwa Jiyè nan peyi Lwès Afrik la pa chanje pozisyon Etazini nan Nijè, se sa pòtpawòl Depatman Deta Matthew Miller di jounalis yo lendi 25 Septanm nan nan yon konferans pou laprès.

Li deklare "desisyon sa pa chanje posizyon nou. Mwen di nou ke Sekretè a te rankontre nan Vandredi ak lidè CEDEAO yo (Kominote Ekonomik Eta Afrik Lwès) e ak eta manm yo kote yo te pale sou kriz politik la nan Nijè.

N ap kontinye mande Konsèy Nasyonal pou Pwoteksyon Peyi a pou lage Prezidan Bazoum ak fanmi l ak tout lòt manm gouvènman li yo ke yo te arete ilegalman epi fè kou yo konnen pou retabli demokrasi nan peyi a”.

Prezidan franse Emmanuel Macron te di Dimanch ke Paris ap retire 1,500 twoup li yo anvan fen ane a nan Nijè.

XS
SM
MD
LG