Accessibility links

Breaking News

Trump Taka Fè Fas ak Plis Sanksyon Si li Vyole Baboukèt Jij la Enpoze


Ansyen Prezidan Donald Trump nan tribinal Manhattan anvan komansman pwose kriminel li a, 30 Avril, 2024.
Ansyen Prezidan Donald Trump nan tribinal Manhattan anvan komansman pwose kriminel li a, 30 Avril, 2024.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump taka fè fas ak plis sanksyon nan kad yon nouvo seri baboukèt jij la enpoze nan kad pwosè kriminèl li a ki gen rapò ak lajan li te peye anba tab pou anpeche enfòmasyon soti ki te ka andomaje kandidati prezidansyel li.

Jij kap preside ka a òganize yon odisyon Jedi maten pou diskite sou sa.

Babouket la mande pou Trump pa fè okenn kòmantè piblik sou ni temwen yo, ni manm jiri a.

Avoka akizasyon yo mande pou Jij Juan Merchan egzije Trump peye yon amann $4,000 poutèt li te vyole lòd sa a 4 fwa semèn pase a. Pi presizeman misye te deklare ke yo te chwazi manm jiri a prese prese e ke 95% nan yo se Demokrat.

Jij la te deja enpoze yon amann $9000 sou Trump 30 Avril e li di si misye kontinye vyole babouket la, li ka mete l nan prizon.

Jan de baboukèt sa yo gen kòm bi pou anpeche youn nan nèg ki gen plis pouvwa nan mond lan kraponnen temwen yo, manm jiri a ak lòt patisipan pwosè a. Li pa anpeche Trump pou l kritike avoka akizasyon yo ni jij la.

Li pa klè kilè jij la pral anonse desizyon li.

Trump di jounalis ki te kanpe devan tribinal la Jedi: "Nou gen yon jij ki malerezman chaje ak konfli. Donk ou pa janm konnen. Apa de sa pa gen okenn rezon pou mennen pwosè kont mwen. Men si yo tap mennen pwosè kont mwen yo te dwe fèl sa gen 8 an desa. Nap pale de ane 2015, 2016. Pèsonn poko janm wè yon bagay konsa.”

Akizasyon lajistis santre sou $130,000 konpayi Trump la te peye avoka Michael Cohen.

Lajan sa a sete pou aktris pòrno Stormy Daniels ke Trump te vle anpeche devwale piblikman ke li te gen yon relasyon seksyèl avèk li pandan li te marye. Trump di li pat ann afè ak Daniels.

Avoka akizasyon yo di Trump ak akolit li yo te konplote pou achte epi kache repòtaj ki te ka gate chans li pou genyen eleksyon prezidansyèl ane 2016 la.

Lajistis akize Trump dèske li te falsifye dokiman entèn biznis li pou kache vre rezon li te peye lajan sa a.

Trump plede non-koupab.

Jedi 2 Se me 10èm jounen pwosè kriminèl la – e li taka dire yon lòt mwa oubyen plis.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AP ak Reuters.

XS
SM
MD
LG