Accessibility links

Breaking News

Etazini: Kou Siprèm Nan Sanble Gen Dout Sou Kesyon Iminite Ke Yon Prezidan Kapap Genyen Kont Pwosè Kriminèl


FILE - Then-President Donald Trump speaks during a rally in Washington on Jan. 6, 2021.
FILE - Then-President Donald Trump speaks during a rally in Washington on Jan. 6, 2021.

Kou Siprèm Etazini an sanble gen dout sou pawòl ansyen Prezidan Donald Trump ki di li gen pwoteksyon absoli kont pwosè kriminèl pou aksyon ofisyèl li lè li te alatèt peyi a, men plizyè jij doute sou kèk detay nan akizasyon ki sou do li pou pwosè federal ki pwal fèt kont li.

Trump ap fè fas ak akizasyon kriminèl nan 4 eta ameriken, men dosye ki te al devan jij ayè jedi a se pwosè federal nan kad efò pou ranvèse viktwa Joe Biden nan kous prezidansyèl 2020 an, ki di ke li te komèt fwòd kont Etazini, te chache anpeche gouvènman an fè travay ofisyèl li, e te mete presyon ilegal sou otorite leta pou yo te ede li bloke sètifikasyon rezilta eleksyon yo.

Pandan ke ansyen prezidan an klèman ta pito yon desizyon ki dakò ak li sou kesyon iminite a, kidonk pwoteksyon total kont pwosè kriminèl, yon desizyon ki ta retade pwosè kriminèl la ta bon pou li tou, kote li ta pouse rezilta pwosè a pou apre elekson mwa Novanm nan.

XS
SM
MD
LG