Accessibility links

Breaking News

Yon Gran Jiri Enkilpe Akolit Trump pou Koken nan Eleksyon 2016 la


Foto Achiv: Ansyen manm administrasyon Donald Trump la, Mark Meadows.
Foto Achiv: Ansyen manm administrasyon Donald Trump la, Mark Meadows.

Yon gran jiri nan eta Arizona akize ofisyèlman ansyen chef pèsonèl sou Donald Trump, Mark Meadows, ak avoka Rudy Giuliani ansanm ak 16 lòt nan yon dosye ki di yo te chache manipile eleksyon an.

Dokiman akizasyon an pibliye ayè mèkredi a non 11 Repibliken ki te soumèt bay Kongrè a yon dokiman ki deklare enfo ke Donald Trump te bat Joe Biden nan eta Arizona nan eleksyon prezidansyèl 2020 an. Li dekri 7 lòt akize san pibliye non yo touswit paske yo pako resevwa akizasyon yo ofisyèlman.

11 moun yo ki te jwenn nominasyon pou yo sèvi kòm elektè Repibliken nan Arizona te reyini nan Phoenix 14 Desanm 2020, pou yo siyen yon sètifika ki di ke yo se gran elektè “ofisyèlman eli e kalifye” e te fè konnen Trump te genyen eta a. Yon video yon minit ki moutre seremoni siyati a te parèt sou media sosyal Pati Repibliken an.

Dokiman an te ale nan Kongrè a ak nan Achiv Nasyonal, kote yo pa te okipe l.

XS
SM
MD
LG