Accessibility links

Breaking News

Pwose Kriminel Trump la Tanmen nan Nouyòk


Pwosè Kriminèl Trump Tanmen nan Nouyòk
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:43 0:00

Pwosè Kriminèl Trump Tanmen nan Nouyòk

Donald Trump rive nan tribinal Nouyòk la Lendi 22 Avril pou koute avoka akizasyon yo esplike poukisa misye te vyole lwa peyi Etazini lè li te eseye kache le fèt ke li te peye yon vedèt film pòrno lajan an kachèt pou li pa mete verite deyò sou relasyon seksyèl yo te genyen an, ki te ka gate chans li pou l eli prezidan an 2016.

Trump se premye ansyen prezidan Etazini nan listwa ki janm fè fas ak yon pwosè kriminèl.

Pwosè a tanmen Lendi.

"Mwen vle pou n konnen pwosè sa a ap dewoule devan yon jij ki finn fou nèt, se jij eta Nouyòk ke yo plis ranvèse desizyon li. Yo ranvèse desizyon li 4 sou 5 fwa nan yon pwosè. Ou konnen de kiyès map pale m pa oblije site non. Mwen vle janti. Mwen vle trè janti. Men yon bagay konsa kap dewoule la a pata janm dwe fèt. Se yon jou ki vreman tris pou Lèzetazini. M ka di nou sa. Mèsi anpil."

Malgre Trump te lanse apèl pou patizan li yo manifeste pasifikman devan tribinal "toupatou nan peyi a" se yon ti kras moun sèlman ki te sou plas pou salye li lè li te rive nan tribinal la anba lavil Nouyòk. Lapolis te monte barikad kòm mezi sekirite men pwosè a ouvè pou piblik la vinn gade e tande.

Avoka imigrasyon Rachel Einbund te nan tribinal la e li di pa kiryozite li t al gade sak tap pase ak pwosè Trump la:

"Se yon gran jou pou Nouyòk. Mwen trè fyè ke vil la byen jere dosye a. Li kalm isit la. Li trè pezib. Pa gen foul. Gen anpil polisye. E mwen espere kèlkeswa sakap pase nou pral montre peyi a ke jistis pral prevalwa. Kèlkeswa rezilta a. M espere peyi a pral satisfè ke jijman an te jis."

Avoka ex-prezidan Repibliken yo pral fè deklarasyon pa yo devan juri a tou. Pwosè a se premye pami 4 pwosè kriminèl kap peze sou do Trump. Se premye ki ap fèt anvan eleksyon prezidansyèl 5 Novanm nan ki pral mete l fas-a-fas ak rival Demokrat li a, Joe Biden.

Avoka akizasyon yo di ansyen avoka Trump la, Michael Cohen te peye aktris porno Stormy Daniels $130,000 an echanj pou silans li sou lyezon seksyèl li te genyen ak Trump 10 zan anvan sa. Yo di sete yon fason pou misye desevwa elektè yo nan jou final kanpay a la prezidans li, an 2016, nan moman kote li te gen anpil pwoblèm akoz lot revelasyon ki te soti pa rapò ak move konpòtman seksyèl li.

Trump plede non-koupab a 34 chèf akizasyon de falsifikasyon dosye komèsyal ke Avoka Manhattan Alvin Bragg lanse kont li. Misye demanti li te fè yon renmen ak Daniels.

Anpil ekspè legal konsidere ka sila a kom sa ki gen mwens konsekans pami tout pwosè Trump yo. Si lajistis jwenn li koupab, sa pata anpeche l pran pouvwa a, men sa ta kapab andomaje kandidati li.

XS
SM
MD
LG