Accessibility links

Breaking News

Joe Biden Te Fè Kanpay Pensilvani


FILE PHOTO: U.S. President Biden visits Mack-Lehigh Valley Operations Manufacturing Facility in Macungie, Pensylvania
FILE PHOTO: U.S. President Biden visits Mack-Lehigh Valley Operations Manufacturing Facility in Macungie, Pensylvania

Prezidan Etazini Joe Biden tanmen yon virewon nan plizyè vil nan eta channbatay Pennsilvani ayè madi a, ak yon eskal nan bouk kote li moun nan, ki se Scranton, kote li relanse apèl pou ogmante taks sou Ameriken rich yo ak gwo konpayi yo.

Biden ap chache pouse chif li yo moute nan sondaj opinyon yo pou jan li jere ekonomi Etazini an, lè li moutre diferans ki ekziste ant plan li pou ogmante taks sou Ameriken ki fè plis pase 400.000 dola, ak plan rival Repibliken li Donald Trump ki pwomèt pou li prezève rediksyon ke li te fè an 2017 sou pousantaj taks ke gwo konpayi yo ap peye.

XS
SM
MD
LG