Accessibility links

Breaking News

Jij Lewis Kaplan Rejte Apèl Trump Kont Vèdik Pwosè Difamasyon li an nan New York


Trump Columnist Lawsuit
Trump Columnist Lawsuit

Yon jij federal ameriken rejte ayè jedi a apèl Donald Trump kont vèdik yon pwosè difamasyon ki te soti anfavè E. Jean Carroll ki te konn ekri kwonik nan jounal, ki te di ke ansyen prezidan an te lage vèni sou li apre akizasyon ke msye te vyole li sa gen dè dizèn lane.

Jij Distri federal Lewis Kaplan nan Manhattan rejte demann Trump pou yo ta rejije ka a, oubyen elimine dosye ansyen kwonikèz magazin Elle la nèt.

Li rejte tou pawòl kòmkwa dedomajman ke jiri a te deside pou Carroll la te twò wo, e ke erè nan pwosè sivil la te lakoz yon vèdik ki pa jis.

Trump ap repote ann apèl vèdik la ansanm ak desizyon ayè jedi a.

XS
SM
MD
LG