Accessibility links

Breaking News

Jij nan Pwosè Kriminèl Trump la Menase pou l Mete Misye nan Prizon Apre li Enpoze yon Amann $9,000 pou Mepri


USA-TRUMP/NEW YORK
USA-TRUMP/NEW YORK

NEW YORK (AP) — Jij kap jere pwose Donald Trump la akize l de mepri epi pase l lòd pou l peye yon amann $9,000 poutet li vyole plizye fwa babouket tribinal la enpoze ki anpeche l fe komante an piblik sou temwen, manm jiri a ak lòt moun ki konekte ak pwose li a.

Lajistis akize Trump dèske li te eseye kache lajan li te peye yon aktris porno anba tab pou ke li pat mete nouvèl deyo sou relasyon seksyèl yo te genyen.

Jij la lanse yon pinga bay Trump pou di l li pral mete l nan prizon si li vyole lòd la ankò.

Avoka akizasyon yo di Trump vyole baboukèt la 10 fwa. Men jij Juan M. Merchan jwenn ke se 9 fwa misye vyole baboukèt la.

Kanmenm, desizyon an Jedi reprezante yon reprimann pou ansyen prezidan Repibliken an, ki ensiste li tap egzèse dwa libète lapawòl li.

Desizyon jij la vini nan komansman dezyèm semèn pwose kriminèl istorik kont misye.

XS
SM
MD
LG