Accessibility links

Breaking News

La Dominik Rejwenn Lòt Zile Karayib ki Rejte Lwa ki Entèdi Relasyon Seksyèl ant Omoseksyèl yo


Foto Achiv: Yon drapo ki reprezante moun LGBTQ yo nan Filadelfi.
Foto Achiv: Yon drapo ki reprezante moun LGBTQ yo nan Filadelfi.

Yon Kou Sipreyè nan zile La Dominik rejte yon lwa ki egizste depi epòk kolonyal la ki rann relasyon seksyèl ant moun menm sèks la yon krim.

La Dominik se dènye nan yon seri zile ki rejte lwa sa a nan yon rejyon kote sitwayen yo konsèvatè o pwend vi sosyal.

La Dominik rejwenn Trinidad ak Tobago, Barbad, Sen Kitts ak Nevis, epi Antigua ak Barbuda ki fè menman parèyman.

Desizyon tribinal la Lendi, vini 5 ane apre yon mesye ke yo pa site non li, te defye lwa La Dominik an 2019, akoz li di li vyole dwa konstitisyonèl la.

Mesye a di lwa a koze li "viv ak gwo kondanasyon ak la pèrèz non sèlman pou liemnm men tou pou lot manm kominote LGBTQ a nan La Dominik", dapre sa Human Dignity Trust, yon ONG ki gen baz li nan vil Lond, fè konnen.

XS
SM
MD
LG