Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Dwa Sitwayen - Pwogrè Fèt Lantman nan Respè Dwa Manm Kominote LGBT a


ONU Fanm pou 2030 – An n Pouse pou pi Devan ak Lit pou Egalite ant Sèks yo
ONU Fanm pou 2030 – An n Pouse pou pi Devan ak Lit pou Egalite ant Sèks yo

Ann Ayiti, lit pou dwa kominote LGBT a ranpòte kèk viktwa, menmsi pwogrè a pa twò gwo. Sa pa gen lontan Yaisah Val te parèt an piblik, sou YouTub kòm yon fi ki te gason e ki chanje sèks. Se yon desizyon ki riske anpil nan yon peyi tankou Ayiti kote manm kominote LGBT a fè fas ostilite ki pèsistan nan pi fò sektè vi piblik la. Gen 2 pwopozisyon-lwa kont dwa kap tann vòt nan palman an. Legliz ki pi enpòtan yo pa negosye kondanasyon yo kont omoseksyalite. Souvan moun vize sitwayen omoseksyèl yo pou atake yo e kreye yo nuizans; pafwa lapolis pa pran an konsiderasyon ka moun ki viktim vyolans sou omoseksyèl.

Val, ki t ap pale ak Associated Press, de desizyon li pran pou l di piblikman li se yon trans-jan, deklare:

<< Nou te di fanmi m sa davans. E yo te reponn mwen: “Moun pral lapide nou; yo pral touye nou ak kout-wòch.” >>

Olye de sa, Val di li rive devlope yon baz fanatik ki sipòte li –anpil nan yo se moun ki etewoseksyèl ak manman pitit ki montre li rekonesans yo deske li ka sèvi kòm yon modèl pou pitit-fi yo ki chanje sèks. Daprè sa Val di, pafwa moun konn rekonèt li nan lari e yo kontan pran foto avèk li. Epi sa pa gen lontan li te asiste yon reyinyon nan Washington D.C. nan kad vwayaj yon delegasyon ki t ap eseye ranfòse dwa manm kominote LGBT yo nan Amerik Latin nan ak nan Karayib la.

============================================

Direktè UNAIDS ann Ayiti (Biwo Nasyon Zini ki apiye lit kont SIDA nan peyi a), Yafflo Outarra, fè konnen li-menm avèk ofisyèl lòt òganizasyon imanitè ankouraje gouvènman an pou l montre li pi aktif nan efò pou desitire prejije kont kominote omoseksyèl la. Sepandan M. Outarra rekonèt se yon travay ki difisil anpil-anpil lè w konsidere rezilta yon sondaj ki te parèt ane pase a sou patwonaj Depatman Sante Piblik ayisyen an avèk sipò UNAIDS ak CDC (Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi).

Sou mil 89 moun atravè tout peyi yo te poze kesyon nan sondaj sa a, 90% te rejte lide pou bay manm kominote LGBT yo menm dwa ak rès popilasyon an epi 75% te deklare Ayiti ta dwe entèdi omoseksyèl (gason kou fanm) antre nan peyi a. Direktè UNAIDS la ajoute:

“Rezilta sondaj sa a pa t ankourajan menm!”

Pou m retounen sou istwa Yaisah Val la, n ap di li genyen 46 zan. Li te kòmanse a 29 van fè tranzisyon ki t apral chanje sèks li a; sete ann Ayiti. Epi li ta pral rete tann 5 lòt ane pou l konplete transfòmasyon an nan vil Filadèlfi, Ozetazini, avèk yon operasyon kote doktè te fè chanjman ki te nesesè pou l tounen yon fi.

Kounyela Yaisah ak mari li ap mennen yon kanpay pou yo ranmase lajan pou yo ouvè premye sant-dakèy pou Ayisyen ki chanje sèks yo, yon sans ki ta kapab ede yo pouswiv edikasyon yo epi resevwa swen sante ki apwopriye. Li deklare:

<< Anpil moun ta renmen travay kòm militan, kòm defansè kòz nou an; men yo vle fè sa nan koulis. M ap di yo si yo vle pote chanjman tout bon, se pou yo mete kò yo deyò epi montre tèt yo kareman an piblik.>>

OOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOO

RAPEL: Gen 2 pwopozisyon-lwa kont dwa kap tann vòt nan palman an; se byen souvan moun vize sitwayen omoseksyèl yo pou atake yo e kreye yo nuizans; pafwa lapolis pa pran an konsiderasyon ka moun ki viktim vyolans sou omoseksyèl.

XS
SM
MD
LG