Accessibility links

Breaking News

Vatikan an Pran Pozisyon Kont Chanjman Sèks


Foto Achiv: Pap Franswa pale pandan odyans jeneral li konn fe sou plas Sen Pye a nan Vatikan an, 18 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Pap Franswa pale pandan odyans jeneral li konn fe sou plas Sen Pye a nan Vatikan an, 18 Oktob, 2023.

Vatikan repete jodi lendi a ke li kont chanjman sèks, e kont tout nouvo teyori sou sèks e kont kesyon pou yon fanm pote pitit nan plas yon lòt fanm, e li kont tou dilatasyon ak sa ki rele euthanazi, ki se ede moun touye tèt yo lè yo santi ke yo soufri twòp anba maladi, 4 mwa apre li te fin sipòte benediksyon pou maryaj ant moun menm sèks.

Biwo doktrin Vatikan an ki rele DDF pibliye deklarasyon “Dignitas infinita” (diyite enfini) apre konsèvatè yo te repouse ak fòs, espesyalman ann Afrik, yon dokiman Vatikan sou LGBT.

Deklarasyon an di ke moun ki pote pitit pou lòt nan vant yo vyole diyite ni manman an ni timoun nan, e li fè konnen Pap Franswa te di an Janvye pase ke ta dwe gen yon entèdiksyon mondyal kont Pratik sa a.

XS
SM
MD
LG