Accessibility links

Breaking News

Kenya Kapab Tabli Yon Lwa Anti-Masisi Menm Jan Ak Uganda


KENYA-COURT-GAY
KENYA-COURT-GAY

Apre palman peyi Uganda te adopte youn nan lwa ki sevè kont masisi ak madivin, kounya Kenya kapab swiv menm chimen sa pou tabli pwòp la pa li nan peyi a kont kominote LGBTQ a, kote plizyè manm kominote sa a deja kòmanse plenyen ke yo pa santi yo lakay yo.

Mohamed Ali, ki se yon manm Palman Kenya a, fè konnen li pa kwè masisi Afriken egziste, e li di tou omoseksyalite se yon envansyon loksidan, e li kontinye pou di tout Afriken ki ouvètman masisi yo se mantè yo ye. Se poutèt sa li anvi pou peyi l swiv tras vwazen li Uganda, ki sot pase, sa pa gen lontan, youn nan lwa anti-LGBTQ ki pi di nan mond lan.

"Se yon peyi ki gen krentif pou Bondye, l ap pase. Nou ap tann li e sa pa biznis pèsonn."

N'ap tann li tankou lòt moun. Depi Kaluma fini ak etap sa a nan palman an, nou reyèlman ap tann li. Se yon bagay ke si, Bondye kenbe m toujou, menm si mwen ta lopital nan swen entansif, mwen pral mande pou yo mennen m al vote pou bagay sa a pou mete yo deyò. Mete moun LGBTQ deyò nèt nan Kenya. Sa a se yon pwojè lwa ke tout depite yo ap tann. »

Kenya se sèl peyi nan Afrik Lès la ki resevwa refijye k ap kouri pou pèsekisyon nan lòt peyi akoz oryantasyon seksyèl yo.

Yon refijye Ouganda, ki pa t vle site non li paske li te pè pou sekirite li, ap viv nan kache nan Nairobi apre yo te fin bat li epi mete dife nan kay li nan Kakuma. Li te montre jounal Reuters foto ki di pou gade, kote janm li te boule anpil.

"A 2h am nan dat 15 Mas mwen te leve nan yon eksplozyon, nan flanm dife. Mwen tande yon eksplozyon epi lè mwen leve mwen te anba dife. Patnè mwen, zanmi m, nou tout t ap boule, te gen anpil doulè. Tout moun te nan kouri.

Kenya te pase depi lontan kòm yon refij pou Afriken LGBT, men piblikasyon yon kokenn lwa anti-masisi nan Ouganda te chofe tèt palmantè yo nan Kenya, ki gen plan pou sere boulon moun LGBT ak nenpòt moun ki tolere yo.

STELLA KACHINA, yon òganizatè evènman omoseksyèl, di

"Kòm ou konnen, klima pou omoseksyèl yo pa fasil isit la. Se prèske tankou nou kole nan mitan sezon fredi nan Kanada. Nou trè frèt, trè frèt, trè fistre. Li difisil pou w santi w an sekirite, menm lakay ou, paske ou pa konnen ki sa ki ap vini nan Kenya. Menm lè nou lakay nou, se pa tankou lakay. Kenya kòm yon peyi pa tankou lakay ankò. E nan yon evènman tankou sa a jodi a, nou sèlman gen yon ti moman pou nou respire e egziste antanke nou menm. »

Pwojè lwa a, dapre tèks ke Reuters te wè pandan yo pako fin ekri l, ta enpoze pèn lanmò pou "Omoseksyèl agrave", ke yo dekri kòm moun ki entwodui nan aktivite sa a yon minè oswa yon moun andikape.

Li gen yon kokenn resanblans ak lwa Ouganda a nan langaj li ak nan sa ki ladann. Pami lòt penalite yo, genyen 10 lane prizon pou lòt ka aktivite seksyèl moun menm sèks, epi senk lane pou moun ki ap fè reklam pou rale moun nan omoseksyalite, ak senk lane pou tolerans.

Kòm egzanp, si yon pwopriyetè kay ki konnen aktivite sèks sa a ap fèt sou pwopriyete li e ke li pa rapòte li bay lapolis. Palmantè Peter Kaluma, ki te vini ak pwojè lwa sa a, rekonèt ke li sibi enfliyans dirèk Ouganda.

Li dekri patisipasyon l nan pwojè a nan yon konferans ke palmantè Ouganda yo te òganize nan fen mwa Mas la kote delege ki te sòti nan Kenya, Malawi, Soudan ak Etyopi te diskite sou ranfòsman lwa anti-LGBT nan peyi yo.

XS
SM
MD
LG