Accessibility links

Breaking News

Ouganda: Prezidan Museveni apwouve yon lwa kont aktivite Omoseksyèl


Uganda Anti Gay Law
Uganda Anti Gay Law

Prezidan Ouganda a, Yoweri Museveni, apwouve yon lwa kont omoseksyalite, dapre sa prezidan palman peyi a di nan yon pòs sou Twitter lendi 29 Me.

Se youn nan lwa ki pi sevè kont LGBTQ nan mond lan e Museveni syen li, sa vle di li te defye loksidan, nan nivo gouvènman yo, biznis ak aktivis dwa moun.

Wo Komisè Nasyon Zini pou dwa moun, Volker Turk, reyaji pou di:

"Se yon bagay grav ke prezidan an siyen lwa sa a, e mwen espere ke sistèm jistis la pral revize li. E mwen kapab di ou si yo analize lwa sou dwa moun, ansanm pwòp konstitisyon yo a, yo ap konstate ke yo vyole lwa sa a.

Se konsa mwen espere ke sistèm jistis la pral mennen ankèt epi pral aji kont lwa sa a, paske se youn nan pi move dokiman legal nan mond lan e li klè ke nou gen anpil enkyetid pou moun LGBTQ yo, manm yo nan kominote LGBTQ + la nan Uganda e mwen prezante yo senpati mwen ak tout kè m. »

Prezidan Joe Biden kondane nouvo lwa anti-omoseksyèl Ouganda a Lendi 29 me 2023 a nan yon kominike:

"Pasaj lwa kont omoseksyalite a nan Ouganda a se yon vyolasyon trajik pwoklamasyon inivèsèl dwa moun, e moun nan Uganda pa merite sa.

Administrasyon mwen an pral konsidere tout efè ke lwa a genyen pandan nou ap fè revizyon sou kalifikasyon Ouganda pou Lwa sou Kwasans ak Opòtinite Afriken an (AGOA). Epi n ap konsidere lòt mezi, tankou aplike sanksyon ak mete restriksyon sou nenpòt moun ki enplike nan abi grav kont dwa moun oswa koripsyon, pou yo paka antre alèz Etazini. »

Depite Ouganda Asuman Basalirwa pale lendi 29 Me a sou pasaj lwa anti-LGBTQ a nan palman an.

"Nou pa te gen okenn chwa ke defann pozisyon nou an. Si nou pa defann pozisyon nou, me sa ki pral rive : Pwochèn fwa, yo pral enpoze yon lòt kondisyon sou lwa nou yo. Pa pase lwa sa a, si ou fè sa, x, y ak z gen anpil chans pou rive. Donk, si nou pa defann pozisyon nou kòm yon peyi, kòm yon pèp, kòm yon kominote, lè sa a nou ap pèdi tout souverènte nou ak tout endepandans nou kòm peyi. »

Nan yon Tweet Prezidan Palman Ouganda a ANITA ANNET Among ekri:

Mwen remèsye Ekselans Prezidan an pou aksyon li san kondisyon nan enterè Ouganda. Avèk anpil imilite, mwen remèsye kolèg depite mwen yo paske yo te kanpe tèt devan tout presyon pou entimide nou e kont tout teyorisyen ki ap mare konplo apokalips yo, nan benefis peyi nou an. Nou te viv daprè deviz nou: *Pou Bondye ak peyi nou an.*

Yon manm LGBTQ+ Ouganda ki te sibi yon atak sou lavi l te pale ak ajans nouvèl Reuters:

"Mwen panse ke se dènye klou nan sèkèy la paske yo te vize nou byen lontan anvan menm nou te prezante pwojè lwa sa. »

Adrian Jjuuko, avoka ak direktè egzekitif Fowòm Defans ak Pwomosyon Dwa Moun, depoze yon dokiman nan tribinal konstitisyonèl Ouganda a.

"Nou ap depoze yon petisyon nan Tribinal Konstitisyonèl la, pou defye devan konstitisyon an Lwa 2023 sou omoseksyèl la, ke Palman an te pase 2 fwa e ke Prezidan an siyen pou fè li tounen lwa.

Yon foto ki sòti nan prezidans Museveni montre kote li ap siyen lwa a ak yon plim lò nan biwo li.

Prezidan ki gen 78 tan an te pale pou kalifye omoksyalite kòm "devyasyon pa rapò ak sa ki nòmal la" e li te ankouraje palmantè yo pou yo reziste anba presyon "enperyalis" yo.

Ouganda resevwa dè milya dola èd etranje chak ane epi kounye a li kapab fè fas a aksyon negatif bò kote donatè ak envestisè yo, jan sa te rive ak yon pwojè lwa menm jan an, sa gen nèf lane.

Asuman Basalirwa, yon sipòtè pwojè lwa a, di jounalis ke yo anile viza Prezidan Palman an Anita Among apre Prezidan an te siyen lwa a. Anbasad Ameriken nan Ouganda pa t reponn imedyatman demann pou pale sou kesyon an. Mouvman Ouganda a ta ka ankouraje palmantè vwazen Kenya ak Tanzani pou chèche pran mezi menm jan an.

Lwa ki te la deja nan Ouganda a bay yon santans 10 lane pou pi plis pou moun ki fè espre transmèt VIH, epi lwa a pa konte lè moun ki pran enfeksyon an te konnen ke patnè seksyèl li a te teste pozitif pou VIH. Kontrèman, nouvo lwa a pa fè okenn diferans ant lè moun nan fè espère transmèt VIH ak lè li te fè l paske li pa te konnen li gen VIH.

Alex Kofi Donkor, fondatè gwoup dwa sivik nan peyi Gana "LGBT Rights Ghana" di "Seksyalite nou diferan tankou lang nou, koulè nou, kwayans nou, afilyasyon nou ak tou sa ki fè nou Afriken."

Jeanty Augustin Junior Kontribye nan Atik sa.

XS
SM
MD
LG