Otorite nan peyi Sendomeng arete yon sitwayen Ayisyen nan ayewopò Punta Cana pou trafik dwòg.
Ministè Sekirite Piblik Kosta Rika anonse madi 17 Septanm nan ke yo sezi 1.3 tòn kokayin nan yon bato chaje avèk farin manyòk ki te sipoze ale nan Bèljik.
Sekretè Deta ameriken an Antony Bliken vizite Repiblik dominikèn apre li te pase 1 jou ann Ayiti kote li te fè plizyè rankont ak divès sektè nan gouvènman an.
Yon sitwayen ameriken ki t ap patisipe nan yon manifestasyon kont ekspansyon koloni yo nan Sisjòdani te jwenn lanmò li apre li pat rive siviv de blesi li yo vandredi apre twoup Izraelyen yo te tire l nan tèt, dapre sa ajans ofisyèl palestinyen WAFA rapòte.
Plizyè sitwayen ayisyen bay opinyon yo sou vizit Sekretè Deta Ameriken an fè nan Pòtoprens Jedi 5 Septanm nan .
Yon responsab wo plase Depatman d Eta di VOA Sekretè d Eta Antony Blinken ap vwayaje Ayiti ak Repibik Dominikèn 5 Septanm.
Siklòn Ernesto kontinye ap fè ravaj nan Karayib la, e kounye a li rive Bermud, men li toujou rete nan kategori 2.
Yon ansyen palmantè ayisyen plede pou gen bon jan negosyasyon ant otorite ayisyen ak dominiken pou amelyore relasyon 2 peyi yo.
Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro entèdi rezo sosyal X pou 10 jou Jedi.
Load more