Aplikasyon TIKTOK La Retounen Sou Apple Store
Minis Jistis Etazini Pam Bondi depoze yon plent kont eta New York la devan Lajistis paske ofisyel yo pa respekte denye politik sou imigrasyon ke admninistrasyon Trump la ap aplike.
Plizyè dizèn bouldozè ak gwo kamyon chaje ak materyèl konstriksyon te aliyen jedi sou bò Lejip nan pasaj fwontyè Rafah, anvan yo antre nan Bann Gaza, ki fin kraze akòz lagè ant Izrayèl ak Hamas, dapre sa yon medya ki pwòch sèvis ransèyman Lejip la rapòte.
Nan dènye konsèy minis ki fèt ayè mèkredi a, gouvènman ayisyen an fè divès nominasyon nan administrasyon piblik la, pou pèmèt bwat leta yo "mache byen"
Prezidan ameriken an te di Jedi 13 fevriye a ke li ta "renmen" wè Larisi rejwenn Gwoup G7 la. Trump fè konnen ke esklizyon Moskou nan gwoup peyi ki pi devlope yo an 2014, nan moman sa a yo te rele gwoup G8 se te "yon erè".
Chèf gouvènman rejyonal Bavyè a, Markus Söder, te pale jedi sou yon "posib atanta" apre yon machin te fonse sou yon foul la nan Minik, nan sid Almay, sa ki lakòz 28 blese, pami yo gen kèk ki grav, dapre dènye bilan yo.
"Nou fò", se sa minis Defans Ikrenyen an, Roustem Oumarov, te deklare jedi anvan yon reyinyon OTAN nan Brussels, apre Etazini te deside kòmanse negosyasyon ak Moskou pou mete fen nan lagè a.
Chalimo yo ka parèt san enpòtans, men pandan dènye dis lane yo, chalimo plastik tounen yon senbòl kriz polisyon mondyal.
JERIZALÈM (AP) — Premye faz trèv ant Izrayèl ak Hamas sipoze dire sis semèn. Men, apre twa semèn, ni Izrayèl ni Hamas, tou de ap akize youn lòt pou vyolasyon akò a, epi menas Hamas pou li ranvwaye liberasyon plis otaj pouse Izrayèl prepare pou rekòmanse konba si sa nesesè.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump Pale Nan Telefòn ak Tokay Ikrenyen li Vladimir Zelensky
Prezidan ameriken an Donald Trump Pale ak Tokay Ris-Li Vladimir Putin mèkredi 12 fevriye a.
Tou 2 branch gouvènman ayisyen an KPT a ak Primati a, prezante kondoleyans yo bay fanmi ak zanmi viktim etidyan, Massenat Lebelt, ki tonbe anba mal mawon, ayè madi 11 fevriye 2025 lan.
Load more