Ajan imigrasyon nan Eta Maryland ap arete moun yo sible pou yo voye tounen nan peyi yo.
Prezidan Ris Vladimir Putin di Madi ke konfli a nan Ikrèn ta fini nan "2 mwa" si Ikrèn pa jwenn èd militè nan men L oksidan.
Donald Trump te anonse lendi Etazini pral moute taks, nan yon "tan ki pa twò lwen", sou semi-kondiktè yo, men tou sou pwodwi famasi ak metal tankou asye.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump siyen yon seri dekrè ki konsantre sou lame a. Youn nan yo mande minis Defans Pete Hegseth pou li revize politik Pentagon sou sòlda transjan (ki chanje sèks), sa ki sanble ap prepare yon entèdiksyon sou sèvis militè yo a lavni.
Sous diplomatik yo di manifestan nan kapital peyi a (Kinshasa) te lanse atak kont plizyè anbasad, pami yo anbasad peyi Rwanda. Manifestan sa yo swadizan fè atak sa yo pou denonse konfli ki genyen nan lès peyi a.
Plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo, kèk lòt mouri, nan kad yon operasyon gwo ponyèt Lapolis Nasyonal Ayiti ak Misyon miltinasyonal la mennen ayè lendi a nan komin Kenskòf.
Lendi, Sekretè Deta ameriken Marco Rubio kondane atak gwoup ame M23 a fè sou vil Goma, nan lès Repiblik demokratik Kongo.
Komin Kenskòf sibi yon atak gang lendi 27 janvye 2025 la, sa ki lakoz gwo enkyetid nan mitan popilasyon an. Majistra Komin nan, Massillon Jean, anonse yon kouvrefe pral aplike pou limite dega yo.
Lendi, pòtpawòl gouvènman Izraelyen David Mencer di 8 nan otaj ki te pwograme pou jwenn liberasyon yo nan premye faz akò lapè a ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza mouri.
BOGOTA, Kolonbi (AP) — Mezon Blanch kriye viktwa apre Kolonbi dakò pou l aksepte vòl imigran ke Ice depòte antre Kolonbi, akò sa vini kèk èdtan apre Prezidan Donald Trump te menase yo ak tarif sou tout pwodwi enpòte ak enpoze lòt sanksyon sou yo.
Odyans 17 kolonbyen yo ki ta Swadizan enplike nan asasinay ansyen prezidan Jovenel la, rapouswiv jodi lendi 27 janvye 2025 nan pakè Pòtoprens.
Videyo k ap sikile sou rezo yo montre gwo kout zam k ap chante nan komin nan, kote plizyè moun ap kouri kite zòn nan.
Load more