Komin Kenskòf sibi yon atak gang lendi 27 janvye 2025 la, sa ki lakoz gwo enkyetid nan mitan popilasyon an. Majistra Komin nan, Massillon Jean, anonse yon kouvrefe pral aplike pou limite dega yo.
Lendi, pòtpawòl gouvènman Izraelyen David Mencer di 8 nan otaj ki te pwograme pou jwenn liberasyon yo nan premye faz akò lapè a ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza mouri.
BOGOTA, Kolonbi (AP) — Mezon Blanch kriye viktwa apre Kolonbi dakò pou l aksepte vòl imigran ke Ice depòte antre Kolonbi, akò sa vini kèk èdtan apre Prezidan Donald Trump te menase yo ak tarif sou tout pwodwi enpòte ak enpoze lòt sanksyon sou yo.
Odyans 17 kolonbyen yo ki ta Swadizan enplike nan asasinay ansyen prezidan Jovenel la, rapouswiv jodi lendi 27 janvye 2025 nan pakè Pòtoprens.
Videyo k ap sikile sou rezo yo montre gwo kout zam k ap chante nan komin nan, kote plizyè moun ap kouri kite zòn nan.
Plizyè inite espesyalize nan lapolis Nasyonal Ayiti deplwaye nan komin Kenskòf pou kwape gwoup nèg ak zam k ap simen latwoublay nan komin nan.
Ministè Sante peyi Liban fè konnen kout zam lame izrayelyen an touye yon moun epi blese sèt lòt lendi nan sid peyi a, yon jou apre yo te pwolonje trèv nan lagè ant Izrayèl ak Hezbollah a.
WEST PALM BEACH, Florid (AP) — Yon nonm yo akize paske li fè menas sou Entènèt kont Prezidan Donald Trump jwenn arestasyon l nan Florid, selon sa lapolis te deklare samdi.
Etazini "kondane" atak Rwanda ak gwoup ame M23 a nan lès Repiblik Demokratik Kongo (DRC), se sa reprezantan li nan Nasyonzini an te di dimanch. Li avèti ke Washington ta itilize "tout zouti" ki disponib kont moun ki alimante konfli a nan rejyon an.
Pòtpawòl lame Kongo a te di Samdi ke "Rwanda detèmine pou sezi vil Goma". Goma se yon gwo vil nan lès peyi a ke sòlda M23 yo preske ansèkle.
Omwen 27 sòlda peyi Nijerya pèdi lavi yo nan yon atak swisid jihadis nan nòdès peyi a, dapre sa 2 sous militè te di AFP dimanch.
Load more