Randman aksyon ak obligasyon yo tonbe madi, pandan envestisè atravè lemond t ap chèche pwoteksyon apre Etazini frape Kanada, Meksik ak Lachin ak tarif sevè, ouvè nouvo konfli komèsyal ak twa pi gwo patnè komèsyal li yo.
Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, lanse yon pinga lendi 3 mas la bay gwoup Hamas la si yo pa mete otaj ki nan men yo an libète ap gen konsekans grav ki "imajinab".
Senatè Demokrat Richard Blumenthal mande Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio Lendi pou l reponn kestyon sou yon plan pou depanse $400 milyon pou achte vèsyon blende kamyon sibè Tesla TSLA.O yo pou transpote diplomat Ameriken.
LOND (AP) — Premye Minis Britanik la, Keir Starmer, mande lidè Ewopeyen yo pou yo mete plis sekirite sou fwontyè yo epi bay Ikrèn tout sipò nesesè pandan li anonse yon plan pou mete fen nan lagè Larisi ap mennen an.
Kèk avoka dwa sivik ap mennen yon pwosè kont administrasyon Trump la pou anpeche transfè 10 migran otorite yo te arete Ozetazini ale nan Guantanamo Bay, Kiba.
Donald Trump avèti sou rezo sosyal li a, Truth Social, lendi 3 mas la : "Lamerik pa pral tolere pozisyon Zelenskyy pi lontan ankò " sou akò lapè pou sispann lagè a nan Ikrèn.
Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio te di Samdi 1 mas la li te siyen pou voye anviwon $4 milya èd militè bay Izrayèl la.
Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio te mande prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky Vandredi, pou l mande eskiz apre li boukante pawòl ak Prezidan Donald Trump nan Mezon Blanch lan.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen samdi yon lòd egzekitif ki mete angle kòm lang ofisyèl Etazini, pou "ankouraje inite" nan peyi a.
Vladimir Zelenskyy kite Mezon Blanch lan avan lè apre li menn ak prezidan Ameriken te boukante pawòl piman bouk nan biwo oval la.
Pandan rankont ki te fèt nan mezon blanch la ant prezidan Trump ak Vladimir Zelensky rive nan Lamezon Blanch Vandredi 28 fevriye a, te gen boukantay pawòl piman bouk ant lidè ameriken yo (Trump, Vance) fas ak Zelenskyy.
Inyon Ewopeyèn di l "ap fè menm jan" si Etazini takse pwodui li yo 25% dapre sa minis fransè Ekonomi an, Eric Lombard, deklare bay AFP jedi, apre anons Prezidan Donald Trump fe pou di li pral aplike mezi sa a "byento".
Prezidan Donald Trump anonse pandan rankont li ak Premye Minis Britanik la Keir Starmer nan Mezon Blanch lan li pral vizite Wayòm Ini a "anvan lontan".
Prezidan Ameriken Donald Trump te resevwa Premye Minis Britanik la Keir Starmer nan Mezon Blanch lan Jedi 27 fevriye a, kote konvèsasyon diplomatik yo santre alantou lagè a nan Ikrèn entansifye.
Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, mande jedi pou negosyatè izrayelyen yo ale nan vil Caire pou negosyasyon sou jan lagè nan Gaza a ka sispann, dapre sa biwo li fè konnen.
Mezon Blanch mande mèkredi tout ajans federal yo pou yo prepare pou revokasyon fonksyonè yo pa-bann-e-pa-pakèt, nan kad efò pou "elimine pòs ki pa nesesè".
Yon reyinyon komite ki bay Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini an (FDA) konsèy sou politik vaksen yo te anile, dapre sa yon manm komite a di ajans nouvèl Reuters.
Etazini pral mete deyò moun transjan nan lame a, sof si yo gen ka espesyal ki merite yon eksepsyon, dapre yon nòt Pentagòn pibliye mèkredi, ki parèt kòm yon lòt kou di pou kominote LGBT+ la.
Load more