Accessibility links

 
Reyinyon Konseye FDA sou Vaksen an Anile, Dapre yon Manm Komite a
Breaking News

Reyinyon Konseye FDA sou Vaksen an Anile, Dapre yon Manm Komite a


FILE PHOTO: Signage is seen outside of FDA headquarters in White Oak, Maryland
FILE PHOTO: Signage is seen outside of FDA headquarters in White Oak, Maryland

Yon reyinyon komite ki bay Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini an (FDA) konsèy sou politik vaksen yo te anile, dapre sa yon manm komite a di ajans nouvèl Reuters.

Se dezyèm entèripsyon yon panèl federal sou vaksen depi Robert F. Kennedy Jr. vin chèf prensipal sante peyi a pi bonè mwa sa a.

Reyinyon Komite Konsiltatif FDA sou Vaksen ak Pwodwi Byolojik ki asosye yo te planifye pou fèt 13 mas, men FDA voye yon imèl mèkredi pou anile li, dapre Doktè Paul Offit, yon manm komite a. Komite a te sipoze diskite sou chwa souch ki dwe enkli nan vaksen grip pou sezon grip 2025-2026, dapre Offit.

Pòtpawòl FDA ak Depatman Sante ak Popilasyon pa reponn tousuit demann pou kòmantè.

Desizyon sa a vini apre Kennedy te jwenn konfimasyon l nan Sena a kòm minis Sante ak Popilasyon mwa sa a, malgre kritik li te fè sou ajans li ap sipèvize yo, tankou Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC). Kennedy te demanti li se yon "anti vaksen" epi li deklare li pa t ap anpeche Ameriken pran vaksen.

Semèn pase a, HHS te anonse yo ranvwaye yon reyinyon konseye CDC sou vaksen yo pou bay plis tan pou kòmantè piblik.

XS
SM
MD
LG