Accessibility links

Breaking News

Elon Musk Prezante Piblik la Neuralink, Yon Envansyon Pou Fè Grèf nan Sèvo


FILE PHOTO: Illustration shows Neuralink logo and Elon Musk photo
FILE PHOTO: Illustration shows Neuralink logo and Elon Musk photo

Anons ke Elon Musk te fè, semenn sa a, pou di ke pou premye fwa, Neuralink, yon envansyon ke li fèk reyalize, li grefe li nan sèvo yon moun, pandan envansyon an rive nan kad eksperyans.

Men deklarasyon Musk sou platfòm rezo sosyal X soulve plis kesyon pase repons sou esè yon semi-kondiktè ki, yon jou, dapre li, ka ede moun ki paralize mache, se sa 4 ekspè nan domèn grèf sèvo di ajans nouvèl Reuters.

Konpayi Neuralink Corporation pa oblije pibliye detay sou esè li a, ni non lopital kote yo fè grèf yo ni ki kote yo swiv yo, ni kantite pasyan ki ap patisipe nan eksperyans yo, pa menm nan ki dat etap eksperyans la ap bout.

Se paske FDA, Administrasyon ameriken pou Manje ak Medikaman, te apwouve etid la pou eseye l premye fwa sou yon moun, paske se yon travay konplike.

XS
SM
MD
LG