Yon nouvo etid Inivèsite Michigan fè jwenn ke diri Etazini ekspòte an Ayiti, ki reprezante pi fò diri kap vann nan peyi a gen ladann nivo arsenik ak kadmiyòm - 2 metal lou ki ka ogmante risk yon moun genyen pou l devlope kansè ak maladi kè.
Ayiti se youn nan peyi ki achte plis diri nan men Etazini, apre Meksik ak Japon. Diri a bon mache kivledi popilasyon an kapab achte li pi fasilman.
Dapre etid la, nivo mwayèn arsenik ak kadmiyòm yo te 2 fwa pi wo nan diri Ayiti enpòte a pase diri ke yo pwodui an Ayiti, lè yo te fè konparezon plizyè echantiyon. Etid la jwenn diri Ameriken yo teste a te depase limit entènasyonal ki akseptab yo.
Prèske tout echantiyon diri yo teste yo te depase rekòmandasyon Administrasyon Manje ak Medikaman Etaini an pou konsomasyon timoun.
Etid la pat evalye nivo toksin ki nan diri ki soti nan lòt peyi yo.
Ni FDA ni Depatman Deta poko reponn demann ajans nouvèl Reuters fè pou komantè sou nouvèl la.
Etid la ki atribye dominans diri enpòte a ak tarif ki pi ba epi kontra a long term ki te siyen pandan tibilans politik an Ayiti nan ane 80 ak 90 yo di Ayiti enpòte prèske 90% diri li - e prèske ekslisivman nan men Etazini.
Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton, ki te ede pwomouvwa sibvansyon diri Ameriken an Ayiti te di pi ta ke mezi a te yon erè pakse li te kraze kapasite pou pwodiksyon lokal la.
Etid la fè remake limit Etazini sou konsantrasyon arsenik ak kadmiyòm pa sere kivledi yo ka kontaimine manje ak dlo. Diri trè siseptib pou absòbe metal sa yo.
Rapò a site Lwizyann, Texas ak Arkansas kòm eta Ameriken ki ekspòte plis diri an Ayiti.
Lè chèchè yo te fè etid la an 2020, yo te jwenn ke Ayisyen konsome yon mwayen 85 kilogram diri pa an - konpare ak Ameriken ki konsome 12 kilogram pa an. Sa poze yon pi gwo risk pou timoun an ayiti, ki ka devlope pwoblem santè.
Rapò a di "pakèt diri Ameriken ki anvayi mache Ayisyen an non sèlman blese ekonomi a pou peyizan Ayisyen ki redi pou vann pwodui lokal yo men sou li gen move konsekans a lon-tem pou sante konsomatè Ayisyen yo."
Rapò a ajoute "le fèt ke Ayiti mentni yon sistèm ki depann prèske ekslisivman de diri Ameriken, lap enpòte yon gwo risk."
Rapo a lanse apèl pou yon envestigasyon etikal fèt sou konapyi Ameriken kap ekspòte diri yo, pou pran mezi pou ranfòse sektè agrikòl Ayiti epi siyale "bezwen ijan" ki egziste pou ogmante kontwòl sekirite alimantè peyi a.
Konfli vyolan ant gang ame yo vinn afekte kiltivatè Ayisyen yo kounyea, sa ki lakoz pri manje a ogmante pi plis.
Nasyonzini estime gen plis pase 300,000 moun ki oblije kouri kite kay yo e ke 40% popilasyon an nan grangou.