Yon 2èm Konvwa Asistans Rive Gaza

Volonte flote drapo Palestinyen ak Ejipsyen pou akeyi yon kamyon kap transpote asistans imanite nan Gaza, nan moman lap travese fwontye Rafah a, nan Rafah, Ejipt, Dimanch 22 Oktob, 2023.

Yon dezyèm konvwa asistans pou sivil Palestinyen ki dezespere, rive Gaza nan moman Izrayèl ap ogmante atak li yo epi frape sib nan La Siri ak Sisjòdani.

Pandansetan, premye minis Israyelyen an lanse yon pinga bay gwoup militan Libanè Hezbollah a pou di si li lanse pwòp lagè pa li, Izrayèl pral "kriple li ak yon fòs li paka menm imajine."

Depi plizyè jou, Izrayèl ap fè preparasyon pou yon envazyon terès nan Gaza apre tak brital Hamas te lanse kont li 7 Oktòb pase a, atravè plizyè kominote Izrayelyèn.

Tank avèk twoup pran pozisyon sou frontyè Gaza a, epi yap tann lòd pou yo travèse antre.