Accessibility links

Breaking News

Papa Otaj Tinedjè Ameriken Hamas Libere Vandredi a di Pitit li "Pa pi Mal"

Nan foto sa a ke gouvenman Izrayel pataje ak lapress nou we Judith Raanan ( a dwat) ak pitit fi li, Natalie, 17 an, ak solda Izrayelyen epi kowodonate Premye Minis Benjamin Netanyahu pou retou otaj yo, Vandredi 20 Oktob, 2023.

Papa otaj tinedjè Amerikèn Natalia Raanan ke Hamas libere Vandredi pa pi mal dapre sa papa li di Associated Press.

Uri Raanan, ki abite nan eta Ilinwa di AP li te pale nan telefòn ak pitit fi li. Misye di "li byen. Li trè byen. Map kriye e mwen santi m trè trè byen."

Misye, ki gen 71 zan di li te wè nan telejounal la Vandredi ke yon manman Amerikèn ak pitit fi li tapral jwenn liberasyon yo e ke li te pase tout jounen an ap espere ke savledi pitit fi li ak manman li, Judith Raanan.

Misye di li espere fanmi li ap tounen Ozetazuni semèn pwochèn.

Foto Achiv: Nan foto sa a ke Rabbi Meir Hecht pataje ak lapres pou fanmi Raanan nan, nou we Judith Raanan (a goch) epi pitit fi li, Natalie, 17 an, apre gradyasyon Natalie nan lise.
Foto Achiv: Nan foto sa a ke Rabbi Meir Hecht pataje ak lapres pou fanmi Raanan nan, nou we Judith Raanan (a goch) epi pitit fi li, Natalie, 17 an, apre gradyasyon Natalie nan lise.

Misye di pi bon nouvèl la se ke pitit li, Natalie ap kapab selebre 18èm anivèsè li lakay li semèn pwochèn ansanm ak fanmi epi zanmi. Li si se yon bagay "mèveye. Se pi bon nouvèl la."

Yon pòt pawòl lame Izrayelyèn fè konnen 2 Ameriken yo kite Gaza e yo ak lame Izrayèl kounyea. Hamas te deklare Vandredi li lage yo pou rezon imanitè ann akò ak yon antant li fè ak gouvènman Qatar la.

Yo se premye otaj militan Hamas yo libere, dapre Izrayèl, apre yo te kidnape prèske 200 moun pandan atak sipriz yo te lanse 7 Oktòb la.

XS
SM
MD
LG