Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Izrayèl Frape Gaza, La Siri ak Sisjòdani

Yon doke Palestinyen kenbe yon timoun ki te blese nan yon atak ayeryen nan Gaza, Dimanch 22 Oktob, 2023.
Yon doke Palestinyen kenbe yon timoun ki te blese nan yon atak ayeryen nan Gaza, Dimanch 22 Oktob, 2023.

Avyon lagè Izrayelyen frape sib toupatou nan Gaza ak 2 ayewopò nan peyi vwazen La Siri, nan moman lagè ak Hamas la antre nan 2èm semèn ni epi menase pou l deklanche yon konfli pi laj.

Izrayèl twoke kout zam ak gwoup militan Libanè Hezbollah a chak jou depi lagè a kòmanse, e tansyon yo ogmante anpil tou nan Sisjòdani ke Izrayèl okipe a, kote fòs Izrayelyen yo ap batay ak militan yo nan kan refije yo. Yo lanse 2 atak ayeryen nan zòn nan pandan 2 jou ki sot pase yo.

Palestinyen yo evakye suvivan yon bonbadman Izrayelyen nan Gaza, Dimanch 22 Oktob, 2023.
Palestinyen yo evakye suvivan yon bonbadman Izrayelyen nan Gaza, Dimanch 22 Oktob, 2023.

Premye Minis Benjamin Netanyahu di twoup yo nan nò Izrayèl Dimanch ke si Hezbollah lanse lagè kont Izrayèl, se pral "pi gwo erè nan vi li."

Depi plizyè jou, Izrayèl sanble prèt pou l lanse yon ofansiv terès nan Gaza, apre atak Hamas te lanse 7 Oktòb la, ki te lakoz anpil san te koule.

See all News Updates of the Day

Te Gen Plizye Eksplozyon Kote yo Tap Chante Fineray 3 Manm Hezbollah nan Liban

Te Gen Plizye Eksplozyon Kote yo Tap Chante Fineray 3 Manm Hezbollah nan Liban
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:18 0:00

Plizyè eksplozyon sote Mèkredi nan lye kote yo tap chante fineray 3 manm Hezbollah ak yon timoun ki mouri nan eksplozyon "biper" ki te fèt Madi a, dapre sa jounalis Associated Press (AP) ki te sou plas rapòte.

Yon Nouvo Seri Eksplozyon Frape Liban

Konbatan Hezbollah yo transpote sekey youn nan kanmarad yo ki mouri apre bipe yo eksploze nan Beirout, Liban, 18 Sept. 2024.
Konbatan Hezbollah yo transpote sekey youn nan kanmarad yo ki mouri apre bipe yo eksploze nan Beirout, Liban, 18 Sept. 2024.

Plizyè eksplozyon sote Mèkredi nan lye kote yo tap chante fineray 3 manm Hezbollah ak yon timoun ki mouri nan eksplozyon "biper" ki te fèt Madi a, dapre sa jounalis Associated Press (AP) ki te sou plas rapòte.

Ministè sante Liban an di omwens yon moun mouri e plis pase 100 lòt blese Mèkredi nan eksplozyon aparèy elektwonik nan plizyè rejyon nan peyi a.

Yon responsab Hezbollah di AP ke "walkie-talkie" gwoup la eksploze e moun te ka tande bri eksplozyon an nan Beiwout.

Responsab la pale sou kondisyon pou non li pa site paske li pat gen otorizasyon pale ak laprès.

Sekrete d Eta Antony Blinken kap vizite Ejipt di Etazini pat o kouran atak la.

"Pa rapò ak Liban, Etazini pa te o kouran ensidan sa yo ni patisipe nan. Nap ranmase enfòmasyon toujou e an jeneral nou di kleman ke li enpòtan pou tout pati yo evite fe okenn bagay ki taka chofe konfli a pi plis alòske nap eseye rezoud konfli Gaza a."

Ajans nouvèl ofisyèl Liban an rapòte tou ke sistèm enèji solè yo te eksploze nan kay nan divès katye Beirout ak nan sid Liban.

Nouvo seri eksplozyon ki frape peyi a lakoz konfizyon ak kolè apre atak ak bonm "biper" yo ki sanble se yon atak konplike Izrayelyen ki vize manm Hezbollah yo.

Pòtpawòl Komisyon Dwa Moun Nasyonzuni, Ravina Shamdasani di atak nan Liban ak Siri yo chokan e ke enpak sou sivil yo pa akseptab.

"Fok gen yon anket endepandan, konplè e transparan sou sikonstans eksplozyon sa yo. Nou dwe trennen devan la jistis, moun ki òdone yo epi egzekite yo."

Eksplozyon yo dewoule yon jou apre sak te sanble yon atak Izrayelyen ki vize "biper" ke Hezbollah itilize. Omwens 12 moun mouri epi prèske 3 mil blese.

Pami viktim yo te gen 2 timoun. Nouvèl yo fè konnen bipè yo sote nan Liban epitou nan Siri.


Eksplozyon Liban: Hezbollah Anonse ke Lidè li Ap Pran La Pawòl Jedi

Lebanon Israel Pagers Exploding
Lebanon Israel Pagers Exploding

Lidè Hezbollah a, Hassan Nasrallah, pral fè yon diskou Jedi, dapre sa mouvman Islamis Libanè a te di Mèkredi apre eksplozyon "Biper" manm gwoup pwo-Iranyen an konn itilize.

Eksplozyon sa yo ki te koze lanmò 9 moun ak blese dè santèn lot nan peyi Liban.

Hezbollah te di nan yon deklarasyon mesye Nasrallah pral pale jedi a 5:00 p.m. (2:00 p.m. GMT) sou "dènye devlopman yo".

Prezidan Ejipsyen Sissi Pwomèt Blinken pou l Fè plis Efò pou Jwenn Lapè nan Gaza

Blinken visits Egypt as part of Middle East tour on Gaza
Blinken visits Egypt as part of Middle East tour on Gaza

Prezidan peyi Ejip, Abdel Fattah al-Sissi, nan yon reyinyon Mèkredi nan vil Kèr ak Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken, pwomèt pou l fè plis efò pou jwenn yon akò seselfe nan Gaza.

Dapre yon kominike ke biwo prezidan an pibliye pandan reyinyon sila, Sissi te "boukante opinyon li ak Blinken sou fason 3 peyi yo, Ejip, Etazini ak Katar, kapab ogmante efò pou jwenn pwogrè nan negosyasyon ki deja sou pye pou jwenn yon akò seselfe nan Gaza ak yon boukantaj otaj ak prizonye.

Washington Mande Teheran pou l pa Ogmante Tansyon apre Eksplozyon Liban an

Matthew Miller
Matthew Miller

Madi, Etazini te mande Iran pou evite nenpòt aksyon ki ta ogmante tansyon apre eksplozyon yon bipè ki te blese plizyè santèn manm Hezbollah nan peyi Liban, ansanm ak anbasadè Iran an nan Beyrouth.

Pòtpawòl diplomasi Ameriken an, Matthew Miller, deklare, "Nou ankouraje Iran pou l pa sèvi ak mwendr evènman an pou eseye alimante enstabilite ak ogmante tansyon nan rejyon an. "

Load more

XS
SM
MD
LG