Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Dewoule nan Divès Vil Ewopeyen pou Opoze Anti-Semitism, Mande Asisans pou Gaza


Moun ki apiye Izrayel montre pannkat ki gen figu ak non moun yo kwe Hamas pran an otaj epi kenbe nan Gaza, pandan yon manifestasyon sou plas Trafalgar nan Lond, Anglete, 22 Oktob, 2023.
Moun ki apiye Izrayel montre pannkat ki gen figu ak non moun yo kwe Hamas pran an otaj epi kenbe nan Gaza, pandan yon manifestasyon sou plas Trafalgar nan Lond, Anglete, 22 Oktob, 2023.

Plizyè milye moun rasanble nan vil Berlen ak Lond pou opoze anti-semitism ak montre sipò yo pou Izrayèl. Pandansetan nan Paris ak lòt vil Ewopeyen, dè milye moun pran lari pou mande asistans pou Palestinyen yo nan Gaza.

Prezidan Almay, Frank-Walter Steinmeier di yon foul moun ki te rasanble nan Baryè Brandenberg la "li ensipòtab ke Juif yo ap viv nan la pèrèz ankò kounyea" nan peyi Almay.

Pandan yon manifestasyon nan plas Trafalgar Square Lond la, moun te kenbe pannkat ki gen foto plis pase 200 otaj Hamas kenbe yo.

Nan Paris, plizyè milye manifestan - pwo-Palestinyen te pran lari pou mande Izrayèl sispann frape Gaza.

Manifestasyon pou apiye Palestinyen yo te dewoule tou Dimanch nan vil tankou Brusèl, Sarayevo ak Kuala Lumpur.

XS
SM
MD
LG