Prezidan Ruto: 'Kenya Pare Pou Jwe yon Wòl Konplè' nan Kad Jefò Miltinasyonal pou Ayiti a

Prezidan Kenya William Samoei Ruto pwononse yon diskou devan 78em Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 21 Sept. 2023.

Prezidan Kenya William Ruto, ki pran lapawòl Jedi 21 Septanm nan kad 78e asanble jeneral Nasyon-Zini nan New York, abòde kriz Ayiti-a an pwofondè.

"Kenya pare pou jwe yon wol konplè epi pote kole ak lot peyi ki gen bonn volonte - e gen anpil - antanke bon zanmi ak veritab frè Ayiti."

Your browser doesn’t support HTML5

Ruto di Kenya Pare pou l 'Jwe yon Wòl Konplè' nan Kad Fòs Miltinasyonal pou Ayiti a

Lidè Kenyan-an lanse apèl pou Konsèy Sekirite LONU-an pote yon kontribisyon pozitiv bay nasyon Karayib-la, epi apwouve yon rezolisyon, dapre chapit 7 li-a, ki gen pou wè ak misyon konsèy li pou bewzwen spesifik Ayiti ak popilasyon ayisyèn-nan.

"Nou mande Nasyonzuni an tout ijans pou livre yon kad pou deplwaman apui multinasyonal nan kad yon apwòch olistik pou defi Ayiti ap fè fas. Nou lanse apèl bay Konsèy Sekirite a pou l pote kontribisyon pozitif -bay apwobasyon li dapre chapit 7 ki otorize yon misyon presi ki konfòm ak bezwen peyi d Ayiti."

Your browser doesn’t support HTML5

Ruto Mande LONU 'An Tout Ijans' Pou Livre yon Kad pou Jefò Miltinasyonal la pou Ayiti

Ruto pale tou de asistans imanite Ayiti bezwen dijans ansanm ak lòt kalite ed ki ka ede l soti nan kriz lap travese yo.

"Nou ta dwe fè pati yon estraji global ki mache ak asistans imanitè pou kore lavi moun nan peyi-a, pote refòm e ankouraje yon pwosesis politik sou lobedyans ayisyen yomenm, yon fason pou oganize eleksyon lib e libè nan yon peryòd tan rezonab."

Prezidan Kenyan an felisite peyi ki volontye pou pote kontribisyon pa yo nan fòs miltinasyonal la.

"Nou jwen ankourajman bò kote anpil peyi ki deja pran desizyon pou patisipe nan mouvman solidarite sila-a, sètadi deplwaman yon fòs miltinasyonal sou teritwa ayisyen-an."

Your browser doesn’t support HTML5

Ruto di li 'Ankouraje' Plizye Peyi Volontye pou Ede Ayiti

Li siyale tou, enpotans retablisman sekirite an Ayiti.

"Nou dwe rekonèt ke stabilite, lapè ak sekirite ap kreye fondasyon pou rapousuiv devlopman dirab, e se konsa aksyon sou dosye klima-a kòmanse. Reyalizasyon pwoje sa a pral permèt nou parèt ak estrateji ki rete inisyativ sayo kòm eleman ki konekte youn ak lòt e ki chita sou yon sèl ajanda."

Nan kòmansman diskou li-a, Prezidan Ruto di peyi lap dirije a pare pou pote solidarite li bay nenpòt peyi, san pran an konsiderasyon rejyon oubyen emisfè.

"Se pou rezon sa-a, nou pran Ayiti kap soufri anba patrimwann yon esklavaj krazezo, kolonyalism, sabotaj ak neglijans. Antanke nasyon ki te mennen yon batay gason pa kanpe pou pwop endepandans li, Kenya santi yon gwo santiman anpati, konprann klèman imilyasyon popilasyon fyèr peyi Dayiti ap sibi mete ak pri peyi-a te peye pou swaf libète yap jwi jounen Jodi-a."

Nan sware Mekredi, Ruto te rankontre Premye Minis Ayisyen Ariel Henry sou maj Asanble Jeneral LONU an epi anonse etablisman relasyon diplomatik ant Kenya ak Ayiti.

Sa gen kek semen, yon delegasyon responsab Kenyan te vwayaje Pòtoprens pou fe konsta sityasyon an nan kad òf peyi a fe pou dirije fòs miltinasyonal la.

Jedi Maten, Ruto te rankontre Sekrete Deta Ameriken an, Antony Blinken, ki te eksprime rekonesans li devan Kenya pou volonte li pou dirije fos miltinasyonal pou Ayiti a.

Prezidan Joe biden nan diskou pa li devan Asanble Jeneral LONU an te lanse apel bay Konsey Sekirite a pou l apwouve fos la pou Ayiti "tou suit".