Accessibility links

Breaking News

Ayiti Tabli Relasyon Diplomatik ak Kenya


Prezidan Kenya William Ruto pandan yon rankont nan katye jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 18 Sept. 2023.
Prezidan Kenya William Ruto pandan yon rankont nan katye jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 18 Sept. 2023.

Ayiti ak Kenya tabli relasyon diplomatik mèkredi.

Aksyon sa a vini nan moman gen diskisyon entènasyonal sou posiblite pou Kenya dirije yon fòs sekirite plizyè nasyon ke l-ONU apiye pou ede lapolis konbat lagè gang-yo ki ap pran plis fòs ann Ayiti.

Konsèy Sekirite Nasyon Zini an ka vote sou fòs miltinasyonal pou Ayiti a nan yon semenn konsa, se sa Brian Nichols, asistan sekretè Etazini pou afè emisfè wès la, di nan yon entèvyou ak LaVwadlamerik, semenn sa a.

Se gouvènman Arel Henry a ki te premye chache asistans entènasyonal la nan mwa Oktob ane pase, men malgre Nasyon Zini te lanse plizyè apèl, okenn peyi pa te reponn jiskaske Kenya te di li pare pou dirije yon gwoup konsa nan mwa Jiyè pase.

Lapolis Ayiti ap batay ak kèk gang pwisan ki, dapre estimasyon, kontwole kounyea kèk gwo moso nan peyi a. Prezidan Kenya, William Ruto, ak Henry te temwen siyati

akò ki tabli relasyon ant 2 peyi yo nan misyon Kenya a nan l-ONU nan New York.

XS
SM
MD
LG