Accessibility links

Breaking News

Blinken Rankontre Prezidan Kenya a Jedi


Sekrete Deta Etazini Antony Blinken (a dwat) rankontre Prezidan Kenya a William Ruto (2e a goch) Jedi 21 Sept. 2023 nan Nouyok.
Sekrete Deta Etazini Antony Blinken (a dwat) rankontre Prezidan Kenya a William Ruto (2e a goch) Jedi 21 Sept. 2023 nan Nouyok.

Sekretè Deta Antony Blinken rankontre Prezidan Kenya a, William Ruto nan Nouyok Jedi Maten sou maj Asanble Jeneral Nasyonzuni an.

Ruto pran angajman pou peyi li dirije yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti jere zak vyolans gang yo. Sepandan, ni sitwayen Kenya, ni sitwayen Ayiti poze kestyon sou plan gouvènman Ameriken an ap pwomouvwa.

Etazini chante lwanj Kenya pou of li fè pou l dirije fòs la, ki se yon jefò Nasyonzini apiye, sitou nan moman kote anpil lòt peyi te ezite. Etazini fè konnen lap ekri yon pwojè rezolisyon ke li gen entansyon prezante devan Konsèy Sekirite Nasyonzuni, pou otorize fòs miltinasyonal la.

Poko gen okenn dat fiks pou prezantasyon rezolisyon an ni dat kote yo pral vote sou li.

Bahamas ak Jamayik ofri pou kontribye polisye tou nan fòs miltinasyonal la.

XS
SM
MD
LG