Izrayèl di Li Pran Kontwòl Nò Gaza; Hamas di Batay la Fèk Kòmanse

Tank Izrayelyen fe manev tou pre fwontye Izrael-Gaza a nan sid Izrayel, 13 Nov. 2023.

Pandan yon konferans pou laprès televize Madi, Minis Defans Izrayelyen an Yoav Gallant anonse twoup li yo pran kontwòl rejyon nò Gaza.

"Nan nò Gaza, Hamas finn pèdi kontwòl nèt, an fèt, nou kontwole tout rejyon anwo a ak rejyon santral bann Gaza a nan nò a e sitou Gaza Siti."

Izrayèl sèmante pou l kraze Hamas, ki dirije Gaza apre atak 7 Oktòb militan yo te lanse kont sid Izrayèl kote yo te touye 1,200 moun epi pran 240 lòt ann otaj.

Pandan twoup Izrayelyen yo koze plis devastasyon nan nò Gaza, gouvènman Izrayelyen an admèt li pa konnen kisa li pral fè ak teritwa a apre defèt Hamas la.

Lame Izrayelyèn pibliye yon videyo Madi ke li di montre solda li yo ki jwenn zam andedan bilding Hamas yo nan Gaza. Lame Izrayel la pibliye yon mesaj sou platfòm X la kote li di solda yo sekirize bilding palman ak gouvènman Hamas la, ansanm ak katye jeneral lapolis ak fakilte enjenyè a ke yo tap sèvi pou pwodui ak devlope zam.

Nan videyo a nou ka wè fizi, mitrayèt minisyon ak po bonm presizyon.

Yon responsab wo plase Hamas te bay yon konferans pou laprès tou - men nan Beirout, kapital peyi Liban. Osama Hamdan deklare batay kont Izrayèl la fèk kòmanse.

"Nap mennen yon lagè liberasyon pou oto-detèminasyon pèp nou. Nap mennen lagè pou mete fen nan okipasyon an, pwoteje moske Al Aqsa a epi libere prizonye yo. Nap mennen lagè pou konfronte agresyon yon lame ak foul kolonizatè ki opoze pèp nou ak vil nou. Nap mennen lagè pou kraze syèj kont pèp nou nan Gaza ki dire 17 an oubyen plis. Nap goumen pou atenn rèv Palestinyen an ak espwa pou ranpote la vikwa sou okipasyon an epi tabli yon eta Palestinyen endepandan ki gen Jeruzalèm kòm kapital li."

Foto sa a ke Dokte Marawan Abu Saada pataje ak lapres montre tibebe premature ki pran nesans nan lopital Shifa a nan Gaza Siti, 12 Nov. 2023.

Pi bone nan jounen an, otorite Palestinyen yo pwopoze pou la Kwa Wouj sipèvize evakyasyon yon lopital ki anba syèj nan Gaza. Pandansetan, otorite lasante yo lanse avètisman pou di sèl fason pou sove 3 douzèn ti bebe ki fèk fèt se yon seselfe pou yo ka transpòte yo soti Gaza.

Apre plizyè jounen batay ak militan Palestinyen yo, fòs Izrayelyen yo ansèkle lopital Shifa a.

Plizyè santèn pasyan, anplwaye medikal ak moun ki kouri kite kay yo bloke andedan lopital la, pandan pwovizyon medikal ak elektrisite pou kouvez ak lòt ekipman yo prèske finn disparèt.

Pi gwo lopital Gaza a vinn reprezante yon senbòl soufrans Palestinyen nan lagè ant Izrayèl ak Hamas la e ki ale bokou pi lwen pase mi li yo.

Nan Nouyòk, pòt pawòl Sekretè Jeneral Nasyozuni an, Stephane Dujarric di jounalis yo Sekretè Jeneral Antonio Guterres gen anpil ke sote pou pèt lavi dramatik ki dewoule nan plizye lopital nan Gaza.

"Nan non imanite, sekretè jeneral la lanse apèl pou gen yon seselfe tou suit."

Minis Afè Etranje Izrayelyen an kritike Guterres epi di li pa an mezi pou l dirije òganizasyon mondyal la paske li pa fè ase pou kondane gwoup militan Hamas la ki kòkòt ak figawo ak Iran.